Kwazad pou on vi miyò
pawòl pou sonje
Konsèy nimewo 1
[Sajès
ak entèlijans, se sa nou swete w pou on vi miyò.]
*Kòm
Bondye
pèmèt ou wè jounen an, fè tout sa ou kapab pou fini li byen pou ou!,
paske gen anpil moun, si yo te sèvi ak sajès yo, yo pa tap nan
prizon jodi a, oubyen yo pa tap tonbe nan bann poblèm ke yo ye.
Poutèt sa, si ou ta an kòlè,
avan ou aji, reflechi, pou se pa lè ou fini fè movè aksyon an pou
w’ap regrèt konsekans li.*
_____
Konsèy
nimewo 2
[Lapè ak
lanmou, se sa nou swete w pou on vi miyò.]
*Veye pou ou Pa
fè pèsonn mal jodi a!, fè posib ou pou se kè kontan ak lapè ou pote
ba moun nan lari a, nan travay ou, lakay ou, elatriye. Paske menm
jan ou ta renmen sòti
pou retounen lakay ou trè byen san pèsonn pa fè ou mal, lòt
moun yo ta vle sa tou. Ssi ou ta vle viv nan lapè: renmen moun,
respekte moun, fè byen ak yo. Men si se mal w’ap mache fè, w’ap
rankontre ak malè w tou yon jou, yon fason oubyen yon lòt.*
_____
Konsèy nimewo 3
[Kòm
kretyenvivan, m’ap ekzije pou ou gen gran rèv ak on bi
klè w’ap pouswiv nan lavi!]
*Ti moun kou gran moun!, si ou ta vle sitiyasyon ekonomik ak sosyal
ou chanje, oubyen ou ta vle gen on siksè kèlkonk nan lavi: ale lekòl
oubyen aprann on metye! Men se pa panse al fè lajan fasil nan dròg,
nan postitisyon, nan magouy, nan gang! Kaa vye pratik sa yo pa fè
lonè yon pèp ni leve nivo grandè lakay on nasyon !
Si ou vle reyisi, se travay
pou ou travay avèk sèvo ou oubyen ak fòs
kouraj ou, e la
sosyete va respekte w àkoz enpòtans ou.*
[Se konsèy Atis,
pansè ak predikatè, Alain Picard Parent.]
Si
ou ta vle ede nou gaye mesaj sa yo on fason oubyen yon lòt: (561)
432-1852, (561) 839-3504, E-mail: picardparent@yahoo.com
oubyen CreoleAmerique.com
[Kwazad pou on vi
miyò, yon òganizasyon san-fè-profi ki
kreyé pou pouse edikasyon, evanjelizasyon ak development
moun, e pou travay kont violans, grangou, hèn, depresyon ak pou moun
pa touye tèt yo, pandan n’ap travay ak ti moun, gran moun ak tigran
moun.]