office (561) 432-1852
fax (561) 432-1852
toll-free (561) 432-1852

 

Guide Pour la Révolution d’Haïti

 

Alain Picard Parent, atis-pansè-ekriven

 

 

*Nivo lavi ak devlopman ann Ayiti tèlman ba, pou peyi saa kapab rive konnen yon vrè elan ekonomik e sosyal, se yon gran revolisyon trankil e entelijant san parèy ki pou fèt nan tout domèn. Ke se nan ledikasyon, agrikilti, finans, ekonomi ak komès, ,kilti ak mantalite, elatriye. San nou pa dwe janm bliye on gwo batay san pran souf kont Vòl ak Koripsyon.

 

1)        Si pa gen yon bon sistèm edikasyon ki adapte ak bezwen epi reyalite majorite pèp la, kèlkeswa chanjman sosyal, ekonomik e dòt nou ta swete opere an pwofondè nan peyi a, nou pap janm gen kantite moun fòmé, preparé asé pou ede peyi a sòti nan mizè ak soudevlopman li ye a.

Si toutan se menm sistèm edikasyon an favè on ti elit saa n’ap pratike, nou pap janm rive de fason efikas enswi majorite pitit peyi a pou grand batay pou pwogrè ak devlopman n’ap mande a,  paske sistèm edikasyon saa, se pa tout moun nan pèp la ki gen kapasite ak mwayen pou byen evolye ladan l.

 

Youn nan pi gwo poblèm system edikasyon saa poze, sèke li fèt nan on lang etranjé, e pi rèd ankò, yon lang trè difisil, (fransè). Yon sistèm konsa ka mache pou on ti elit ki gen bon kapasite sèvo pou aprann fasil.  Tankou: dè Jeni, (moun dwe ak surdwe nan peyi a, men se pa pou majorite a. Lè ou konprann pou ou fòme tout moun an menm tan nan menm sistèm saa, enben, w’ap gade, w’ap wè se on pakèt raté ak on bann medjòk w’ap prepare. Ak sa, majorite ladan yo pa janm sòti twò bon agronòm, dè ekselan medsen, dè pafè enjenyè, dè senatè, dè depite, dè prezidan ou dè fonksyonè valab e byen kalé.  Men, tout sa, se pa paske yo sòt e enbesil non!, men, asé souvan, se nan lang yo te etidye a yo pat byen metrize. Eppi se nan menm lang mal aprann saa ankò yo pral fonksyone, montre sa yo konnen. Men si se te nan lang kreyòl yo ta pral fonksyone, ou te ka bpa wè tout lakin sa yo.  Paske si moun sa yo te etidye medsin, agronomi, aprann fè motè elatriye an kreyòl, tout tan yo tap pran pou ap fòse aprann lang fransè a, yo tap gentan byen lwen. E sitou nan sistèm edikasyon saa, yo pa tabli plan ak kondisyon pou fè elèv ak etidyan aprann fransè avan yo kòmanse ansenye yo.  Se sa ki fè mwen toujou dì si responsab yo vle sistèm edikasyon an mache pi byen, fòk yo fè kou yo konnen pou fè elèv y’ap fòme yo metrize lang y’ap sèvi pou aprann kèlkeswa matyè oubyen bagay la. Si yo vle se an fransè, se pou yo mete mwayen laboratwa, ou kreye yon anviwönman favorab pou majorite elèv, etidyan oubyen apranti yo kapab aprann lang saa.  Si se pa konsa, se nan lang majorite a pou lekòl la fèt, pou se pa yon ti gwoup 4 à 5 pousan ki gen plis kapasite ki toujou ap kontinye kente nan sistèm nan. Lèe saa, se yo sèl k’ap plis sanble yo kapab prezidan, senatè, premye minis, minis,sekretè deta, elatriye. Menmsi pawoli a dì pale fransè pa dì lespri, men, nan sistèm prejijé saa ke yo etabli a, yo parèt se yo ki gen konesans la paske yo konn fransè a, mensi yo pa tap remèt anyen serye vre. Ak sa, y’ap goumen pou vye sitiyasyon saa pa janm chanje, paske li bon pou yo.

  Sa ki poze plis pwoblèm nan, plis ke 95 pousan moun  pa pale fransè lakay yo, fanmi yo pa konn pale fransè: ki kote yo pral jwenn pou yo pratike fransè? Yo fasil echwe an patan ! Fòk pa ta gen lòt moun nan minorite moun ki konn pale fransè yo là pou lòt ki pa twò vèse an fransè yo ta jwenn djòb.

    Anpil moun tèlman mal fòmé, prejijé : depi yon moun konn pale fransè, yo gentan gen plis konsiderasyon pou li, menmlè se ta youn ki nil, san plan, san pwojè.  Konsa, anpil tèlman bouché, yo menm kwè zèv ki ekri an fransè yo gen plis valè ke sa yo ki ekri an kreyòl. Ak sa, li mèt se yon diskou, yo kwè se an fransè pou l fèt pou l bon. Konsa, yo tou ap pran pretèks yo pa konn lì kreyòl! Epi 5 an, 10 zan aprè, y’ap dì w sa toujou!:

«Mwen pa ka lì kreyòl!, mwen pat aprann li lekòl!”

Yo tèlman pa enterese ladan l, y’ap aprann lì alman. Gen lòt ki dì

«Sa pou m fè kreyòl la!, se Ayisyen sèlman ki pale l !”

Tankou alman y’ap aprann nan, se pat prèske Almay sèlman ki te pale l tou ! Lè Chinwa yo pale lang chinwa, Japonè pale lang japonè, Italyen pale italyen, etc, lè se yo sèlman ki pale lang sa yo, èske sa anpeche yo devlope pou sa ? Mwen kwè se konesans pou ou chèche mete nan tèt ou pou devlope tèt ou ak peyi w ! Se pa prejijé pou ou genyen kont lang ou .

  Ou wè lang fransè a w’ap onore, ap fè chèlbè avèk li a: si Fransè yo pat chèche mete konesans nan tèt yo pou yo te kab reprezante fòs saa yo ye nan mond la, si yo pat bay lang fransè a ak tèt yo valè, se laten ki tap toujou ap domine, se liv ak tout bagay laten ki tap pi apresyé. Se sa ki fè nan on pati nan entwodiksyon diksyonè kreyòl mwen ekri a, ki rele:  Kreyòl Palé, mwen dì:  «Vle pa vle, yon moun te ka rayi yon lang kou rayi l, men si konesans li bezwen an, rechèch l’ap fè a, se nan lang saa sèlman bagay sa yo ekri, si li pat konnen l, li pap gen chwa, l’ap oblijé aprann li. [Donk, sa ki pi enpòtan an, se pa plis lang nan! Se moun ki ap pale l yo ki enpòtan, ki gen konesans nan sa y’ap dì atravè lang saa. Lang nan sèlman sèvi kòm yon zouti, yon machin pou fè lide yo pase.]  Donk, pa gen lang ki enferyè! Se yon pèp ki pa gen anyen serye, anyen enpòtan ke l’ap dì, l’ap fè nan yon lan ki fè lan saa ka pa konsideré.”

 

Menmsi m’ap mande pou nou sèvi ak kreyòl pou anstwi majorite moun nan payi a, mwen pa enpoze pèsonn konn lòt lang ! okontrè, avèk kreyòl la, nès ak nègès kreòl ap kapab pi fasil aprann dòt lan. Lè ou konn plis lang, si ou konn sa w’ap fè, w’ap sèvi avèk yo pou  ou fòme, enstwwi  plis ke 10 milyon fanm ak gason ! tradywi liv enpòtan ou jwenn nan lang etranjè pou yo . W’ap vann yo pou w fè lajan.   Se ou ki pwofesè nan inivèsite a, nan kolèj la, lisé a, sant aprantisaj la : se ou ki pral vann liv  medsin nan, liv mekanik la, liv anglè a, elatriye. Se ou ki entèlektywèl la ki pou degaje w pou fè bagay yo mache ! Se pa ap fè prejije ni paresé pou ou rete ap trimen akoz ou pa kwè nan tèt ou, epi ou rete ap dì Kreyòl pa lang , pandan ou te ka tire afè ladan l!  Si lang pa-lòt pèp ou respekte yo ka lang, se paske yo travay pou sa; yo pa chita ap dì lang pa-yo pa bon. Se bon lekòl ak gran inivèsite k’ap fè gran rechèch yo kreye pou atire w vin etidye lakay yo !, se konesans yo mete nan tèt yo pou fè w respekte yo, ba yo valè ! - Sispann chita ap konte sou lòt pèp !, pran peyi nou an o serye !, dakò fè refòme nan edikasyon an ! Fòk nou aprann evalye, jije on sistèm ! Si aprè 200 zan, peyi w la rete dèyè kamyonèt la toujou, pakèt moun pa konn lì, pa konn ekri, san on bon pwofesyon, e malgre ou-menm, ou dì ou se elit, ou pako ka aksepte menm pwòp tèt ou toujou, se etranje a ak lang li ou kwè ki bon, se li ou kwè ki pou vin fè tout gran etid ak gran pwojè enpòtan ke ou bezwen nan peyi ou reprezante elit li a: gen kèlke choz ki pa mache !, sistèm edikasyon ou  te itilize a pa bay bon rezilta!  Li ka fè on ti bon pou ou, men fòk ou wè li pa mache ditou pou tout lòt yo.

Kòman ou ka fè konprann plis pase 85 à 90 pousan elèv fin pase 12 à 13 zan nan on sistèm lekòl, pou yo pa ka pase nan ekzamen final bakaloreya  sistèm yo etidye ladan l nan? – Kidonk, tout tan etid, bann efò paran yo ak lajan yo fin depanse, tout sa pèdi pou ryen ?

[A non !, se moun nou ye, fòk nou repanse lekòl la! Fòk nou-menm yo ki pwogresist yo pa kite yon ti gwoup prejijé ki gen mwayen yo-menm, ap mete baryè pou sa pa janm chanje.

Se pou nou bay sila yo ki déjà konn pale kreyòl chans pou yo etidye an kreyòl, san prejijé ! E lè yo fini pou yo kapab travay nan peyi yo nòmalman !]

    *Gen anpil moun ki pa kontinye lekòl, se pwoblèm lang yo genyen!, moun vin konprann yo sòt, yo nil!, epi poutan, se konn on bann resous ki pèdi pou granmesi.*  Se pa tout moun ki gen kapasite pou annik aprann lang.

        Mwen menm tande dè moun nan sosyete a ki ta moun swadizan byen fòmé ap dì:

«Mwen pa nan afè inivèsite kreyòl la !, pa gen blan ki ap kreye pwogram an kreyòl pou ou, fè òdinatè oubyen konpitè pou ou  an kreyòl!”

 

Mwen pa konprann entèlektywèl sa yo!  Kòman on bann moun ki fè pati elit yon peyi, olye pou yo konte sou pwòp tèt yo pou devlope e fè avanse peyi yo, y’ap konte sèllman sou blan  etranje pou pwodywi pou yo!

Si ou ta twò gran-moun pou ou aprann teknik sa yo, se pou ou fè pitit ou aprann fè òdinatè, prepare program konpitè , elatriye!

Sonje se moun ou ye tou ! Se ou ki elit la ki pou chèche pitit tè a ki gen kapasite pou devlope pwogram teknik, syantifik elatriye .

  Jan nou dì: Tout peyi gen kanmèm yon ti gwoup moun ki kapab, gen talan ak mémwa pou etidye pou fè mèvèy pou peyi yo, e menm pou lemond! Se elit ekonomik ak politik la ki pou  chèche moun sa yo, epi envesti lajan nan yo, ede yo jwenn konnesans, swa an fransè, anglè elatriye, si yo konn pale lang sa yo; an kreyòl, si se kreyòl yo konn pale.

 

Mete nan tèt ou, menmsi ou ta genyen on gwo konesans, ou ta vle pase l à yon lòt moun, si elèv la pa konnen lang saa w’ap ansenye l ladan l la, li ppap kapab kkonprann ou, rive metrize matyè saa w’ap montre l la.  Lè konsa, si ou pa gen bon konprann pou reyalize ke li pa konprann lang w’ap itilize a, w’ap konprann elèv saa sòt!, poutan se lang w’ap pale a ki pa pase.

  Nou konnen ann Ayiti, anpil ti moun-lekòl  manje baton, sibi bann zak malfezans nan men pwofesè yo, akoz yo pa ka pale fransè, byen konprann esplikasyon pwofesè yo.  Ase souvant, lekòl la tèlman tounen on lanfè pou ti moun yo, yo kontan lè pa gen lekòl, dòt oblije fè woul, rete nan lari, paske yo konnen yo pa konn leson yo oubyen pa konprann klas la, e ke yo pral pran anpil kou.

                 Se menm jan, si ou pral etidye nan lang chinwa, ebre, etc, toutan ou pa konn lang sa yo, ou pap janm ka aprann sa ou vle aprann nan.  Ak sa, lang yon moun konprann, si gen mwayen, se ladan l pou li ta aprann an premye.

Sa m pa dakò, se pa paske on ti minorite 4 à 5 pousan moun ka metrize byen lang fransè a ann Ayiti, ppou y’ap ekzije epi goumen pou se nan lang yo a pou lòt latriye moun ki pa pale l yo ap etidye. Moun yo gentan gen on lang yo konn pale, tan w’ap fè yo pèdi tan aprann fransè, yo ta byen lwen nan etid y’ap fè a an kreyòl, pandan y’ap aprann dòt lang.  Si w’ap montre yo pale fransè, anglè ak gramè yo an kreyòl, y’ap konprann li pi vit. Se sa ki fè mwen ekri liv anglè kreyòl ki rele, Anglè Fasil, si ou lì l, ou va reyalize sa lang nan ka fè. Nan finisman tèks saa, n’ap ba ou on amòs sou liv saa, ou va wè se pa lang kreyòl la ki pa bon; se ou ki pou gen kapasite pou fè l sèvi epi itil, san prejijé.  Ou kapab aprann moun metye, literati, medsin, syans ak teknoloji tout kalite ladan l.

   Sa m’ap dì: pou Ayiti devlope, fòk nou debarase n ak vye mantalite prejijé ak espri enferyè nou genyen an. Fòk nou aprann kwè nan tèt nou epi bay lòt ayisyen frè nou yo valè.

Ka si etranje a wè ou pa bay pwòp tèt ou valè, l’ap imilye w, derespekte w pi rèd.

  Sa ki pi dwòl la, pandan w’ap dì kreyòl pa lang, pakèt etranje ap aprann pale kreyòl. Lè ti Ayisyen yo fèk rive lekòl nan anpil kote nan Etazini, se lang kreyòl lekòl la sèvi pou ansenye yo, ann atandan yo konn pale anglè. Responsab lekòl Ameriken yo-menm  pa dì kreyòl pa lang, e ke se ak fransé pou yo sèvi ! Se menm jan tout, Chinwaa, Japonè a oubyen Rus la pa dì fòk se an fransè pou yo etidye pou etid yo a bon! Dominiken an, Kiben an etc,fè etid yo nan lang majorite a,e sa bay bon rezilta. Se nou ki nan tout vye chèlbè vid saa ! Ak sa, se nou ki pi dèyè, ki pi pòv, e ki gen pi plis moun sòt. Si Brezilyen an tap dì se nan fransè oubyen anglè pou yo etidye, paske se yo sèlman ki pale pòtigè nan Amerik la, Brezil te ka pa gwo peyi li ye kounyaa.

  Fòk ou konnen peyi pa devlope nan vye prejijé sòt. Kaa se yon gwoup moun byen fòmé sosyalman, akademikman, teknikman e syantifikman ki devlope yon peyi. Ak sa, se konesans pou ou mete nan tèt on pakèt ayisyen pou yo kapab gen kapasite pou ede transfòme peyi yo, nan kèlkeswa lang yo ka aprann nan.  Konsa, si ou vle Ayiti chanje, se youn nan premye kote pou ou kòmanse. Sinon, se toujou lakay Dominiken an, kay Kiben an, Ameriken an w’ap toujou kouri ale loppital lè ou gen on gwo maladi, oubyen al achte pwodywi, ekipman ak materyèl enpòtan e serye ke ou gen bezwen.

  Ka, peyi ou wè ou renmen, w’ap depanse lajan pou ou al vizite, oubyen al chèche tretman lakay yo a, se elit pa-yo ki fè kou yo konnen pou devlope yo! Se pa sou lòt moun yo konte pou ffè peyi yo pou yo.  Jan mwen toujou dì :  Se yon pèp devlopé ki devlope on peyi! Devlopman on peyi, se nan tèt on elit pwogresist, devlopé e avizé li sòti. Paske tout strikti, enfrastrikti, Tout gwo bilding, gran wout anlê, wout atè, bann bèl tren, gran oto-bis elatriye ki gen nan peyi sa yo, se vizyon elit dirijan ak ekonomik nasyon sa yo. Se nan dimansyon sèvo elit pèp sa yo tout gran vil, gran lopital, gran endistri, elatriye yo sòti.  Ak sa, menm lè yo -menm, yo pa ta gen konesans pou rreyalize mèvèy sa yo, yo chèche moun ki kapab reyalize yo pou devlope e chanje lavi nan peyi yo, paske yo konnen yo pap konsideré kòm vrè gran-tèt la, lè majorite moun peyi yo soudevlopé, ap viv nan fatra, labou ak lamizè.

  Mwen toujou dì, vrè moun devlopé a pap janm kab rete   nan on anviwönman mizerab, pou yo pap chèche mwayen pou transfòme l e devlope l.

  Konsa, si Ayiti soudevlopé, majorite moun ap viv nan on mizè plis ke terib paske pa gen travay, se elit nou an ki soudevlopé e san de gran vizyon, ki kite l konsa. Paske nou gen anpil moun nan elit nou an ki vle ke se sèlman yo-menm, ti gwoup la ki pou parèt devlopé, e ke majorite a pa janm anyen !

Genyen ki ta toujou renmen se yo ki pou al lekòl, ki pou posede, pou tout lòt moun nan alantou yo nan lamizè, pa ka manje, pa gen kay pou yo rete, pa gen swen santé, san on ti dlo glasé pou yo bwè, pa gen konesans, pa konn pale lang yo, e ke se yo ki pou toujou parèt wo e sèl kòk-chanté. Konsa, olye pou yo fè bèbèl nan peyi yo, mete gran lopital, gran inivèsité, gran enfrastrikti, elatriye nan peyi yo, yo prefere pati al jwi bagay sa yo à letranje pou majorite a kab pa jwenn yo.

    Gen dòt ki faché akoz kounyaa anpil moun ka posede on telefòn, on televizyon elatriye.  Ak sa, yo santi yo pa wòd asé anfas moun sa yo poutèt se pa yo sèlman ki ka gen bagay sa yo. Ou ka tande yo dì: «Ah, kounyaa, telefòn selilè vin pa gen valè ankò!, ou ka jwenn li nan bwat tout chanyn!”

    Se kòmsi valè telefòn nan, itilite l, se lè se yo sèl ki ka posede l la; men se pa lè yo wè yo vin ka rele jeran yo a, bòn yo a nan telefòn pou korije oubyen ajoute nan on komisyon yo te voye yo fè.

  Ka toutan  nou gen yon elit ki gen bann moun mal panse ak on vye espri rayisab konsa, yo pap janm fè efò pou ede mas pèp saa devlope tèt li, de fason pou  tout moun pa vin sanble ak yo.

    Konsa, si nou vle Ayiti devlope, sòti nan mizè lawonté saa, fòk nou chanj tèt nou dabò, kote elit ki gen pouvwa lajan ak pouvwa politik la panse on lòt fason, gen on nouvèl konsepsyon ak on lòt vizyon pou peyi saa, vin pi nasyonalis; kote se pa sou letranje, lespri yo, richès yo ak tout fyèté yo ye.  Sinon, nou te mèt sote, ponpe, bouke pale de plan pou on devlopman dirab, dì n’ap rebati on lòt Ayiti, chanje letaa: se menm reziltaa n’ap jwenn, si se menm elit saa, ak menm kalite vye mantalite saa nou genyen kòm dirijan ki kontinye ap panse pou nou, deside nan plas nou.

Ka se pa on aza ki fè nou se pèp ki pi mal e pi pòv nan rejyon nou an. Se pa paske pa gen plaj, pa gen bèl lanmè, bann pwason ou dòt fwi de mè, bèl montay fre, pa gen richès mìn tout kalite, elatriye  pou eksplwate! Men se dirijan ak elit nou yo ki pat gen on plan pou bagay la lòt jan. Men si yo deside chanje fizi yo zèpòl, oubyen nou ta vin gen dòt moun pwogresist k’ap dirije ak on plan byen bati e byen defini, n’ap gen on lòt bon Ayiti ak respè, kote majorite moun ka jwenn mwayen pou viv ladan l!*

 

 

[E dezyèm pwen pou on gouvènman manyen si li vle Ayiti mache toubon vre: se fè on gran revolisyon san parèy nan sistèm agrikilti nou an pou on grand pwodiksyon nasyonal manjé ak danre agrikòl, de fason ke leta ka konnen sou ki kantite tòn mayi ak diri ke li ka konte, konbyen sak pwa, konbyen kamyon manyòk, patat, bannann elatriye l’ap pwodywi pou nouri peyi a. Paske premye pi gran bagay on pèp bezwen, se manjé ak bwè! Tout lòt nesesite yo vini aprè. Ka leta pa sipoze neglije pwodiksyon lamanjay la pou kite l soukont plantè enfòmèl oubyen sèlman sou depan ti peyizan malere. - Se pou leta degaje l bay tèt li kapasite pou pwodywi anviwon yon milyon poul ak ze pou nouri moun nan Lwès ak Plato-santral; senk à sis san mil pou Latibonit ak Nòdwès; 4 à 5 san mil pou Nò ak Nòdès; 5 à 6 san mil pou Nip, Sid ak Grandans.

  Men pou leta ka fè sa, se pou li kreye on òganis nasyonal de pwodiksyon ak distribisyon  pou plante manjé, fè lapèch  ak elvaj tout kalite pou kab kòmanse solisyone afè lamanjay nan peyi a.

E fòk depatman lagrikilti chèche dòt grenn sereyal ak dòt fèy ak plant ke moun ka manje, e fè kanpay pou moun aprann manje yo; ak on bann lòt rechèch ak mezi pou ka pwodywi plis manjé e pi rapid.

  Men pou li ka gen mwayen pou byen ekzekite gwo plan revolisyonè saa, fòk nan yon premye tan, li pran bann tè leta ke yo déjà konnen, epi chèche dòt tè leta  pat ko konnen, anfèmen e achte dòt, pran kontwòl yo-tout , evalye yo pou konnen kilès ki ka plante tèl ou tèl manjé, e repare sa yo ki bezwen repare.

  E leta dwe ekzije tout moun ki gen bann kawo tè, pou plante yo ak danre ki pi nesesè ke popilasyon an manje.

E si mèt yo pa là oubyen pap travay yo nan on delè fiksé, leta dwe prete yo, anfèmen yo oubyen achte yo.

Epi pou leta ka asire l ke tout tè ki pou plante ap plante, òganis pwodiksyon ak distribisyon nasyonal la dwe kreye yon federasyon nasyonal ti popriyetè tè, pou yo ka vin mete ti tè yo ansanm pou plante yo de fason pi efikas. E lè plantasyon yo fin bon, òganizasyon pwodiksyon nasyonal la va angaje pou li separe oubyen achte pwofi rekòlt yo selon kantite tè chak popriyetè ki asosye ak li genyen.

An menm tan, li va gen pou fè on kanpay motivasyon pou fè lòt ti plantè ak tout moun ki pa gen anpil tè vin wè enterè pou antre nan federasyon saa oubyen nan on lòt asosiyasyon pwodiksyon prive kèlkonk.  Kaa sa pou nou konnen, Ayiti pap mache konsa nan chanje goud pou voye achte manjé, rad ak on bann lòt pwodywi pou moun sèvi chak jou ke nou ta ka fè nan peyi nou.

  Mwen ka konprann pou gran pwodywi ki mande anpil gwo teknik, gwo teknoloji ak gwo konesans, anvan nou rive fòme pakèt moun pou kapab pwodywi yo, nou ka oblije voye achte yo lòtbò; men, tou sa ki pa mande twòp, fòk nou degaje nou pwodywi yo, fabrike yo. Nonsèlman sa ap kreye travay, men l’ap bese presyon dolaa sou goud la.

  Ou mèt tande tout bagay: Nou pa ka pa ka pwodywi poul, kodenn, ze, dòt bèt volay epi kabrit, bèf ak kochon pou bay peyi a manjé.

Mensi nou pa ta gen gwo konesans, men, nou ka plante bannann, manyòk, pitimi, mayi pou nou fè pen, akasan, kònflèks, papita, kasav, elatriye.

  Kaa olye pou n’ap gaspiye lajan nan vye pwojè initil, depanse dè milyon pou fè on bann vye ministè fonksyone, pito nou pran kòb sa yo peye moun fè rebwazman ak pye mango, zaboka, abriko, kosòl, zanmann, elatriye. Konsa, nan 3, 4, 5 an, n’a jwenn fwi ak donn yo pou nou manje, tabli endistri pou fè ju, mete nan bwat pou vann isit ou à letranje.

 

 

(3)  Se pou leta bay responsab mìn ak resous minyè mwayen pou idantifye tout zòn ki gen mìn ak tout kalite resous natirèl e enèjetik nan peyi a, e degaje yo pou eksplwate yo pou ka antre lajan e bay pèp la travay pou l fè.

  An menm tan, fòk nou jwenn dòt sous enèji pou bay elektrisite pou fè peyi a mache, pou endistri ak komès ka byen fonksyone, pou pèp la jwenn pou l klere zye l, boule pou ka fè manjé, konsève pwodywi yo elatriye.

  Epi ki peyi modèn ki kapab mache san elektrisite?

Se pou gouvènman an, elit la voye jèn aprann fè pano solè, envètè; konn kijan pou kapte enèji van, solèy ak dlo, fason pou jwenn biyo-gaz elatriye.

  An plis, fòk ou pap pwodywi kouran elektrik, epi nenpòt moun ap annik itilize l, gaspiye l san li pa peye anyen ditou. Si se konsa, ap toujou pa gen kouran.

  Se pou EDH resanse tout moun ki branche sou rezo kouran li a. Ke legal, ke ilegal, pou fè tout moun peye. Mensi se 15, 20 dola fanmi saa ki gen youn ou 2 anpoul ak on vantilatè a dwe paye, se pou li peye l. Si li pa ta gen lajan, leta ka fè l travay pou kòb li dwe a.

  Epi yon lòt kote, leta pa ka fini konstri on wout nasyonal elatriye, pou machin ap woule sou yo san chofè yo pa peye anyen!  Ak kisa y’ap repare yo? - Enben, w’ap toujou dì pa gen wout !Peyi pa mache san on politik ak dè mezi klè e byen defini.

 

 

4)  Answit, lè letaa ta fin fòme moun ak kad pou ekzekite, devlope mouvman chanjman ak revolisyon an, se pou leta deplase pakèt Ayisyen ki gaye toupatou nan tout mòn lwen yo, rasanble yo nan dè vil ak vilaj, de fason leta ka rive ba yo sèvis.  Tankou: Dlo potab, sèvis santé, lekòl, elektrisite, sekirite elatriye. nonsèlman sa ap ede amelyore lavi peyizan yo, mye idantifye yo, men, leta ka vin pi ka kontwole mòn ki pat bon pou moun abite, epi jwenn plis tè pou fè jaden, fouye mìn, fè rebwazman, plante bwa fwi ak bwa konstriksyon elatriye.

Kaa gen kote enpratikab lwen e gayé detwa grenn moun abite, se pap janm fasil pou leta al jwenn yo pou ede yo, menmsi se ta on leta ki gen bòn volonte. Se sa ki fè lè gen siklòn, gran katastwòf natirèl, elatriye, moun sa yo ke yo kite an deyò lwen yo toujou abandoné.

 

Answit, mwen wè nan mouvman chanjman ak revolisyon an, fòk nou ta deplase capital la; paske kapital saa tèlman fin mal bati, kay tou kolé, tout fòm, tout gwosè, tout kalite, bidonvil toupatou, wout tou piti, nou pap janm ka vin gen on bèl vil modèn, kay byen trasé, byen bati, ak gran wout pou oto-bis, gran ray ak estasyon tren, gran lekòl,, inivèsité, lopital, elatriye pou chanje imaj fizik peyi a pou atire touris ak nouvo envestisè, elatriye.

Donk lè n’al bati lòt vil la, n’ap vin kapab plase chak group aktivité nan zòn pou yo ye, bati gran sité modèn ak bilding anpil apatman, kontwole konstriksyon an dezòd e ilegal, regle elektrisité, gere afè konbèlann, vòlè kouran, elatriye. Lè saa pèsonn moun pap ka vin bati kay nenpòt kote jan yo vle, fòm yo pito.

Paske on kapital an dezòd e founi konsa, jan Pòtoprens la ye làa, anyen serye pap fasil kapab fèt ankò pou modènize l. E se pi plis ankò pou bidonvil li yo: yo  gentan tèlman mal bati, ou mèt depanse pakèt milyon dola ladan yo pou mete adoken, fè betonaj elatriye: se va prèske toujou pou granmesi. Se kòmsi ou ta achte on bèl mòso twal tou nèf pou ou koude on vye rad pouri e chiré.

    Men pou nou reyisi nouvèl capital modèn saa n’ap pale làa, fòk nou tou akonpanye l ak yon vrè refòm devlopman ak desantralizasyon; mete tout biwo leta nan tout lòt vil ak bouk  epi vilaj nan lòt depatman yo, pou bann moun pa bezwen fòk se nan kapital saa pou yo vin fè on paspò, on plak machin, on lisans, vin lopital, lekòl, nan inivèsité, elatriye. Si nan chak rejyon, moun pa ka gen prèske tout sa yo bezwen, nou pap reyisi nouvèl vil saa n’ap pale a.

 

  *Men m’ap ajoute, si nan ané avan yo nou te ka konprann chanje kapital la al nenpòt kote, kounyaa aprè tranblemann-tè 12 janvye a, aprè on bon etid pa kèk ekspè pou ta konfime l, èske li pa ta bon pou nou ta transpòte nouvèl kapital la nan Machan-Desalin oubyen kèlke pà ki gen anpil tè vid nan Plato-Santral ki ka pi an sekirite kont tranblemann-tè.

Answit, si selon prezidan Preval, Pòtoprens ki kraze a ap bezwen 3 zan ak on bann milyon dola pou sèlman debleye l: li pi enpòtan ankò ak kantite lajan saa, nou ta tou kòmanse bati nouvèl kapital la.*

______

 

 

Alain Picard Parent

Gid pou konbat koripsyon

 

Katryèm pi gran pwen pou on gouvènman atake, si se pa premye pwen an menm: se koripsyon an.

 

Si anpil moun ap dì Hayiti se yon peyi konwonpi, ebyen lè w’ap gade oubyen tande jan responsab ak anplwaé leta ap  koupe-rache, gaspiye, piyaje byen leta nan peyi saa, ou wè gen anpil rezon pou ou kwè sa reyèlman vre. Se kòmsi depi yon moun chef nan letaa, tout bagay peyi saa vin tounen byen pèsonèl li, e li kwè ke li ka sèvi avèk yo jan li vle, bay moun li pito yo .  Depi li antre nan on pòs, li mete nan tèt li fòk li pwofite ranmase pou li pa janm mal ankò. E anpil lòt moun ap fè l konn sa, ankouraje l fè sa.

«Kouman !, se sòt ou ye ! Ou pa pwofite sere lajan, achte kay, bati kay! Ou pa konn djòb leta se chwal-papa!”

Ak sa anpil moun pa pè vòlè gran jounen. E lè yo fin piye letaa, fè magouy ladan l, pakèt moun vin pran yo pou gran nèg ak moun serye , kote  y’ap onore yo  ak byen malaki sa yo ! kòmsi se pat anyen sa, vòlè leta !  Lè yo konn fin vòlè, fè bann vye aksyon e yo oblije kite peyi a, aprè kèk ané pase, yo ka retounen alèz vin jwi kòb yo. Moun konn menm ap mande yo pou vin envesti lajan yo te vòlè nan peyi a, tankou se yon bagay nòmal . E  menm lajistis pap menm mande yo okenn kont. Yo konn menm remèt yo byen yo, tankou yo te gen yon byen ke yo te fè ak swe fon yo.

 

Afè koripsyon an tèlman se yon bagay ki byen anrasinen ann Ayiti, epi li tèlman regle afè anpil moun, se pa fasil  y’ap manyen l konsa. Ou ka tande detwa responsab ap pale de konbat koripsyon et de bòn gouvènans, men anyen serye pa janm fèt, paske yo pa bezwen l fini vre.  Se dat w’ap tande prezidan, minis, senatè, depite ap pale de kreye brigad  kont koripsyon, komisyon anti-koripsyon,pouttan malad la vin pi mal ! Paske sa ki pou fèt la pa janm fèt ; gen yon pri ki pou peyé, ou pa jwenn moun ki dakò peye l. O kontrè, anpil nan yo ap profite feblès letaa pou regle biznis pèsonèl yo e fè moun-pa yo fè richès ilegal.

 

              _Kisa ki ta dwe fèt ?

1) Enben, Si ou se on Gwo Otorite leta, pou  ou konbat koripsyon ann Ayiti, fòk ou-menm  ou pa nan koripsyon ni de lwen ni de prè , fòk ou pap benefisye ladan l ni pap tolere moun ou ap jwi l. Depi ou oblije nan kase fèy kouvri sa: se nan bouch w’a dì w’ap goumen kont koripsyon, men, ou pap kab fè l toutbon vre paske ou gen grenn zanno pa-w tou kay òfèv.

 

2) Yon gwo Otorite kid ta vle batay kont koripsyon de fason serye e efikas, fòk lè direktè ladwàn nan, chèf ayewopò a, direktè kontribisyon an, elatriye vòlè yon milyon dola, jwenn on kòb dwòg, yo pap vin separe l avèk ou. Fòk yo konnen lè yo detounen yon lajan leta, depi yo pran yo, se yo k’ap gen pou yo fè fas ak poblèm yo poukò yo, pap gen gwo Otorite ki pou defann yo, kouvri pou yo, paske chèf sa yo pap pè pou non yo pa site.

  Dayè, konronpi pa konbat koripsyon !  Lè yon konronpi respnsab pou l ankete sou yon zak koripsyon, koriptè yo ap kapab fasil grese pat li ak on kout lajan ! Se kòm mete rat veye mantèg.

 

3) Touttan prezidan, premye minis ann Ayiti pa gen volonte ak detèminasyon klè pou konbat gwo pichon saa ki relé koripsyon an ak yon plan byen defini, yo pap janm fini avèk li vre. Si se lòt fonksyonè sou-kote k’ap pale de sa, dì y’ap konbat li, yo pap janm gen fòs vre pou atake l an pwofondè. Paske vle pa vle, se prezidan ki tout bagay ann Ayiti ; si li pa nan yon mouvman, ou pap kab pase sou li. Ou ka fin fè arete on vòlè, li fè lage l. Amwenke tout lòt enstitisyon yo ta fin byen fò, yo pa ta depann de prezidan an ankò.

 

4) Pou ou batay toubon kont koripsyon ann Ayiti, fòk ou mete sou pye yon polis sekrè espesyal pou sa. Kote ke se prezidan an ak premye minis la ki vle goumen kont saa ki gen kontwòl polis saa an premye, de fason pou manb li yo pa kapab kache yo sa k’ap pase.

 

5) E fòk menm polis sekrè saa gen yon kont polis sekrè tou k’ap veye l, ankete sou li, pou li kab pa konprann paske se li k’ap veye kont koripsyon, li kab antre nan koripsyon jan l vle, bay moun li vle favè, akoz li konnen pa gen lòt group k’ap veye l.

 

6) Epi se pou responsab yo ta  fè fason pou manb yo, youn pa konnt lòt, de fason pou pa gen magouy antre yo.  Lè gen reyinyon oubyen yon rankont pou pase yon lòd, yon konsiyn, se pou tout polisye ta gen figi yo bouché, kò yo degizé ; e chèf yo pa kite ajan yo wè figi yo pou yo pa an danje, anplis pou  moun pa konnen yo e chèche antrene yo nan move zafè.

 

7) E se pou lalwa fikse règleman sevè kont tout manb polis sekrè ki ta vann sekrè gwoup saa bay lòt moun.*

 

Ki jan pou polis saa ta opere pou leta ka konnen tout responsab biwo piblik ki nan koripsyon?  -   Enben kòm ekzanp: Rresponsab yo ta pran yon ajan polis sekrè, san avize l à lavans, yo mennen l nan yon sèvis piblik, tankou: ladwàn, pou al deladwannen yon machin oubyen yon konntenè ke leta lii-menm voye sou non polisye saa. Epi ou mete yon lòt ajan an kachèt swiv demach ajan saa ap fè san l pa konnen pou li ka pa vann sekrè ankèt la, elatriye. *Men li ta pi bon pou mennen ajan sekrè al mennen ankèt, al opere nan zòn li pa abitye, pou li ka pa nan konivans ak okenn direktè, okenn minis, majistra, senatè, depite, elatriye.*  Kaa depi ou byen etidye sa w’ap fè, nan yon sèl jou, w’ap kenbe anpil responsab bwat leta ki nan koripsyon. Kòm se tout jounen y’abitye ap fè magouy nan dwàn nan, nan kontribisyon an, elatriye, w’ap kenbe yo fasil.

  Si toutan se nan bouch w’ap dì Jij nan koripsyon, lajistis konronpi, men ou pa janm kenbe pèsonn, se nòmal pou y’ap plede ! Men lè ou montre yo foto yo, videyo yo, lè moun ki te fè magouy la avèk yo a se te polis la menm, yo pap gen anyen yo kab dì.

  Gen yon bagay nou toujou dì : si se jistis on jij ap vann, se pou letaa achte l nan men l tou.  Leta ka menm arete yon fo dwòg dilè, dì li pran l ak konbyen kilo kokahin nan men l, pllis milyon dola ! Epi ou chache ki jij k’ap resevwa lajan pou lage l.

Depi responsab nan lajistis konnen gen polis sekrè k’ap veye yo, avan yo fè yon magouy, y’ap reflechi mil fwa. E lè ou pran yo, yo konnen ou pap jwe avèk yo, pap gen avoka, polisye k’ap ka fè kout maltayé pou lage yo nan prizon.

Epi prizon sa yo ta dwe à 20, 30 pye anba tè, pou prizon pap kraze touttan. E mensi ta gen dezòd, soulèvman nan prizon sa yo, prizonye yo pap kapab monte pou yo sòti.

 

 

8) Epi pou batay kont koripsyon an ka pi solid, san fòs kote, fòk gen jounalis ankèt k’ap ankete tou sou koripsyon pwòch prezidan, Premye Minis, minis elatriye  ap fè, pou pa gen kase fèy kouvri sa. Paske yon peyi koronpi tankou Ayiti, si pa gen yon goumen total kapital kont vòl ak piyaj nan lajan ak byen leta, peyi saa pap janm mache ! Pa gen moun ak peyi serye k’ap janm gen konfyans nan enstitisyon li yo, nan diplòm li yo, ni nan otorite l yo. Epi tou, majorite pèp la pap janm jwenn sèvis !, vakabon ap fin vòlè tout kòb ki pou ta depanse pou tabli baz ak enfrastrikti, enstwi moun e travay pou mete richès nan peyi a pou majorite moun ka jwenn yon lavii chanjé.

 

 

9)  E lòt mezi pou leta ta pran:  se pran de mezi pou pèsonn pa otorize peye okenn sèvis leta ak lajan kach, men ak chèk. Sa ap ede moun sispann vòlè lajan leta.

Se pou leta mete gichè bank nasyonal pou vann chèk nan tout biwo leta k’ap resevwa lajan. Ak sa, y’ap plis ka kontabilize konbyen chèk ki te distribiyé, ki kantite ki vann.

____

Alain Picard Parent,  Guide pour la Révolution

 

[Kòm nou te dì w deja: pou Ayiti soti nan bafon mizè  imilyan li ye làa, fòk se anba on gwo mouvman revolisyon, sou kontwòl on gwoup elit entelijan e pwogresist ki gen on plan byen kalkilé!

E pou sa fèt, fòk gen on gran kanpay nasyonal nan tout radio, televizyon, jounal, atravè tout lekòl, legliz, sal teyat ak sinema elatriye, pou deklannche on kokenn chenn mouvman patriyotik (ki vedì: on gwo mouvman lanmou-peyi pou motive elit kou mas pèp ka vin renmen Ayiti, epi ede devlope on lòt kalite rapò moun ak moun antre klas yo, pou vin gen on sòt de konfyans antre yo, de fason yo ka mye travay ansanm pou devlope peyi a.

Paske lè soudevlopman on peyi se nan move konpòtman on elit ak tout on pèp li sòti, pou ou ka rive debouche sou on chanjman toubon vre pou peyi saa, fòk ou mize anpil anpil sou on sòt de reedikasyon pou chanje vye mantalité ki fè saa. Ki vedì: (chanje fason nou panse, jan nou konprann bagay yo nan tèt nou, oubyen vye fason nou te gentan ediké a.) Sinon, anyen pap janm  chanje pou peyi saa.

  Kaa pou baga yo mache, fòk elit ki gen lajan, konesans ak pouvwaa konnen Ayiti se peyi yo, santi yo atache avèk li! Pou yo pa kwè paske yo gen lajan oubyen savwa, yo gentan pa Ayisyen, fòk se ak pwodywi etranje yo sèvi, se zèv ak atis etranje yo lì, koute, elatriye., e ke se tout on onè pou yo lè yo diferan ak majorite a.

 

Anpil moun nan elit nou an tèlman gen nanm etranje, renmen afè etranje, san panse ak enterè nasyonal pa-yo, konsa, ou ka wè anpil fin depanse lajan tabli dè estasyon radyo oubyen televizyon, yo annik kapte on bann estasyon etranje ki vin ap anvayi pèp la ak  bann kilti flou, pakèt mès dòt pèp ki pa gen anyen pou wè ak li. Yo pran plezi ap pase pakèt mizik etranje san yo pa menm genyen okenn enterè ekonomik nan sa, olye yo chèche atis, aktè elatriye pou  devlope pwòp film ak feyton oubyen pwogram pa-yo pou fè lajan lakay yo.

Dòt ap pèdi on bann tan d’antèn pou difize on bann match ti tounwa etranje, vin fè ti pèp la fin fou dèyè on bann ekip, san ou pa menm konn poukisa, ki enterè Ayiti nan tou sa ! Tandike si yo te pran tout tan sa yo pou retransmèt match ak tounwa Nòdwès k’ap jwe ak Nò, Nòdès, Sid, Lwès elatriye, nou tap gen plis chans pou devlope spò nou an pito, ki ta pi itil nou.

Alò genyen nan mèt medya sa yo,  se san konprann  yo aji konsa; men dòt, se tout on fyète pou montre se gwo estasyon yo genyen lè y’ap pase emisyon etranje, atis etranje konsa.

  Ou pap wè peyi vwazen nou yo ap pase atis nou, mizik konpa nou nan radyo ak televizyon yo konsa san okenn enterè, menm jan n’ap fè l la.

Peyi k’ap chèche mwayen pou devlope tèt yo, ki vle pwòp afè pa-yo, kenbe yon idantité, pa kite pwodywi lòt peyi anvayi yo pou granmèsi.

 Donk toutan nou pa refòme pansé nou  pou ka vin wè progrè ak enterè peyi pa-nou anvan tout vye espri prejijé k’ap fè nou bay etranje, peyi etranje yo ak baggay pa-yo plis valè ke pa-nou-yo,  nan wetire trip, boure pay, nou pap janm avanse.

  Kaa ou dwe konnen Ayiti pap fè on pà ann avan, si lè elit dirijan oubyen komèsan an fin fè milye ou milyon dola yo nan letaa, nan komès elatriye andan peyi a, olye yo travay avèk lajan saa pou bay pèp la travay, yo pito al sere l ou al achte byen ak li à letranje.

  Antan ke gwo òm ou fàm d’afè, si olye ou devlope pwodiksyon nasyonal peyi w, ou pito al achte à letranje, jis pou ou ka fè kòb la byen vit: Ayiti pap janm gen travay pou l sòti nan mizè.

An swit, peyi a pap devlope ak on ekip sitwayen ki kwè Vòlè leta pa volè, e ke Byen leta se chwal-papa, depi yo ba yo jere on lajan, on byen leta, se pou yo fin vòlè l nèt, pran l pou yo ak fanmi yo, pou majorite a prèske pa jwenn anyen.]

 

 Enben, n’ap kite w là pou kounyaa, n’a repale ak ou pi devan sou dòt pwen ak bann detay enpòtan pou ta ede gwo mouvman chanjman ak revolisyon saa tabli e reyisi an favè yon majorite, pou tout tan, nou pap nan rekòmanse, pèp nan lari tout jounen ap manifeste, kraze-brize pou mande chanjman.

 

 

                        Alain Picard Parent

Fòn : (561) 4321852, 509) 8464569

E-mail : picardparent@yahoo.com

Web : CreoleAmerique.com.
*Men m
òso liv anglè nou te pwomèt ou a.

 

Premye pati   =   First part

 

Premye Leson

Pwonon pèsonèl yo = The personal pronouns

______________________________

                                               

Mwen      =      I.   Ou      =      you.   Li      =      he. (lè y’ap pale de yon gason.  Si y’ap pale de yon fi:  li      =      she”.  Si w’ap pale de yon bèt, oubyen de yon bagay, Nan plas “li”, ou dì: “it.)

Nou      =      we.   Yo =      they.

 

An-n rekòmanse!

 

Mwen      =      I.  Ou      =      you.

Li      =      he, she, it.

Nou      =      we.   Yo      =      they.

 

(remake “I” ki tradwi “mwen”, ekri an majiskil.

Anvan nou ba ou ekzanp ki jan pou ou sèvi ak pwonon sa yo, n’ap aprann ou Vèb “YE” oubyen  SE.”)

 

Vèb Ye      =     To be.

 

N’ap fè ou konnen, pou yo fòme enfinitif tout vèb nan lang anglè, yo mete “TO” devan yo.  Depi ou wè “TO” anvan yon vèb, w’ap konnen ke vèb saa nan fòm enfinitif, (fòm brit). Yo ka konjige l nan tout lòt fòm, nan tout lòt mòd, nan tout lòt tan.

 

Vèb “to be”, ki vle dì “ye” oubyen “se”, an kreyòl, pa konjige yon fason regilye.  Kòmsi ou ta dì:

“I be, you be, he be, she be, we be, they be”.

Li pa ale dwat konsa.  - Men bon fason an:

“Mwen se      =      I am.   Ou se      =      You are.

Li se      =      He is, (an palan de gason.

Si w’ap pale de fi:  Li se      =      She is.”

Si w’ap pale de yon bèt, oubyen de bagay ki pa vivan:  Li se      =      It is.”)

“Nou se      =      We are. Yo se      =      They are.”

_____________________

   

AN-NOU FÈ YON PREMYE ESÈ!

 

Premye ekzèsis      =     first exercise

 

Mwen se Alain      =      I am Allen.

Ou se Jan      =      You are Jean.

Li se Robè      =      He is Robert.

Li se Janèt      =      She is Janet.

Li se yon chyen  =  It is a dog.   Li se fè  =  It is iron. 

Nou se Ayisyen      =      We are Haitian.

Yo se Fransè      =      They are French.

 

AN-NOU ESEYE:  PA, PA SA, SE PA SA:

 

“Mwen se pa Alain      =      I am not Allen.

Mwen se pa Robè        =      I am not Robert.”

 

ESPLIKASYON LOTÈ A!

Ase souvan, yo wetire “se pa”,  yo dì:

“Mwen pa Jan      =      I am not Jean.

Ou pa Ameriken      =      You are not American.

Nou pa Kanadyen      =      We are not Canadian.

Yo pa Italyen      =      They are not Italian.”

 

-0-

 

KESYON

Èske mwen se Paran?      =      Am I Parent?

Èske ou se Janèt?      =      Are you Janet?

Èske li se Jan?      =      Is he Jean?

Èske li se Nadìn?      =      Is she Nadine?

Èske nou se chapantye?      =      Are we carpenters?

Èske yo se tayè?      =      Are they tailors?

Kiyès mwen ye?      =      Who am I?

Kiyès ou ye?      =      Who are you?

Kiyès li ye?      =      who is he? (Si se gason.

Si se fi:  Kiyès li ye?      =      Who is she?)

(Bèt oubyen dòt bagay:

“Kilès li ye?      =      What is it?

Kiyès yo ye?     =     What are they?)

Kiyès nou ye?      =      Who are we?

Kiyès yo ye?      =      Who are they?”

 

KESYON:  ÈSKE SE PA?

 

Èske mwen se pa Marie Anj?   =   Am I not Mary Ange?

Èske li se pa Simon?      =      Is he not Simon?

Èske ou se pa Joslen?      =      Are you not Joslyn?

           (An palan de yon fi)

Èske li se pa Joslìn?      =      Is she not Joslìn?

Èske se pa pen?      =      Is it not bread?

Èske li se pa yon chat?      =      Is it not a cat?

Èske nou pa sòlda?      =      Are we not soldiers?

Èske yo pa volè?      =      Are they not thieves?

 

KONSÈY LOTÈ A

Chak lè ou fin konn kèk lòt mo anglè nouvo, fraz tou-fèt ou te gen deja yo, chanje kèk mo ki ladan yo,ranplase yo pa mo nouvo yo.  Non sèlman sa ap ede memwa w, men, w’ap vin met lang anglè a pi plis nan lavi pratik chak jou w la.

 

KÈK MO ANGLÈ

Kontan     =     glad, oubyen pleased.

Faché     =     angry. (Men, se kòmsi mo “ANGRY” a ta vle sot nan bouch ou ant “ÈNGRWI” ak “ENNGRWI.)

Fatigé     =     tired.   Jèn      =      young.

Grangou     =     hungry. Wo, wotè     =      tall.

Malad    =    sick.

Fache, mekontan  =  displeased, unhappy.

Enstwi, ediké      =     educated.

Paresé     =     lazy.    Okipé      =      busy.

Piti     =     small.   Gwo      =      big.

Pòv     =     poor.     Rich      =      rich.

Paré, prè   =   ready.   Vye, ansyen   =   old.

Vòlè     =     thief. (Yon sèl vòlè.) (2 oubyen plizyè vòlè:  “thieves.”)

 

An-n kontinye ak ekzèsis la

 

Kouman ou ye?      =     How are you?

Mwen byen, mèsi   =   I am well, thanks, I am well thank you.”

Ou parese      =      You are lazy.

Mwen okipé    =    I am busy.

Mwen pare    =    I am ready.

Liv saa ansyen      =      This book is old.

 

        ________

 

Anglè Fasil, ekri pa Alain Picard Parent. Si ou ta vle kòmande liv plis ke 300 paj saa, Email:

picardparent@yahoo.com ou  CreoleAmerique.com (561) 432-1852, (561) 839-3504.