Kiyès ki Jezu
Kiyès Jezu ye? Pitit Bondye, ou Bondye li-menm?
Alain Picard Parent, lotè-chantè e predikatè: Traité, novanb 2008.
Etan ke moun
k’ap difize lide ak opinyon, nou santi nou gen obligasyon pou nou
devlope yon etid sou vrè pèsonaj saa ki se Jezu, pou ka eseye
dekouvri kiyès toutbon li ye, jan gen kèk moun k’ap dì li se Bondye
Papaa, se li ki Sen-Espri a, li si, li sa.
Menmsi mwen pa
twò renmen diskite sou afè relijyon, men se kòmsi
pou saa,
mwen wè fòk mwen ta chèche fè kèlke limyè jayi. E tou, li souvan bon
pou konnen vrè verite a sou yon lide oubyen sou yon bagay k’ap fè
anpil palé nan sosyete a.
*Alò jan m konprann li, nenpòt relijyon, kèlkeswa byen
organize lit ta byen organize, menmlè li ta gen pi bon manyèl ak
tout filozofi oubyen lign li byen detayé, byen ekspliké, depi gen 2,
3, 4 moun ladan l, aprè kèlke tan, relijyon saa pa fouti rete entak
san pa gen ekatman de grand lide ak lign li te etabli yo.
W’ap wè entèl lì liv relijyon saa, li entèprete l jan pa-l,
vire l jan li ka konprann li, selon kapasite l, konpreyansyon l
oubyen avantaj li. Ak sa, ou
souvan vin gen plizyè kouran e menm plizyè
relijyon nan
sèl relijyon saa.
Alò, relijyon kretyèn ki se youn nan pi gran relijyon ki ekziste, pa
ta ka chape nan pratik saa tou. Se konsa ou ka wè malgre Jezu ki se
mèt fondatè relijyon saa, andepi li te bay tout prensip ak fondman
nouvèl relijyon saa ki enpe baze sou rasin judayist la, men sa pa
anpeche ou jwenn plizyè tandans, anpil kouran ak pakèt nywans nan
krisyanis la.
Ou jwenn katolik, metodist, batist, pannkotist, kòdekrist,
advantist, temwen-jewova, mòmonist, branamist, ak dizèn e dizèn lòt
ankò ki reklame yo atache à doktrin Krist la. Poutan, yo-tout lì nan
menm bib la, bòn nouvèl la preché, li ekri nwa sou blan, men, chak
mete epis ak sêlpa-yo ladan l, dot wetire sa yo vle ladan l. E sa ki
konn pi rèd la, yo-chak kwè se pa-yo a ki pi bon, pi vrè a. E ou
konn menm jwenn youn ap goumen ak lòt, ap bat pou kraze lòt .
Tandiske lide Krist la, se pou tout fè yon sèl nan
kò Krist la, youn renmen lò, padone youn lòt.
Mwen, frè Alain Picard Parent, antan ke pansè e patizan Krist
la, sa mwen toujou kwè ki ta bon
ki pou ta fèt de fason ke krisyanist la ka ranpli pi
efikasman misyon Lapè e Sove moun ke Jezu-Krist te konfye disip li
yo, se pou tout group sa yo, si yo sensè, ta fè yon gwo chita-tandé
antre yo, bib à lamen,
pou debat e diskite pandan plizyè jou, e menm mwa sou gwo pwen ki
divize yo a, pou yo ka vin antann yo sou yon sèl entèpretasyon ki
konfòm à pasaj sa yo nan bib la, paske vye divizyon sa yo pa fè
travay Krist la vanse.
Kaa tèlman gentan gen anpil etid ak entèpretasyon ki fèt pa diferan
tewolojyen sou plizyè pasaj nan bib la , e pakèt moun gentan kwè nan
chak nan yo: sila yo ki ta vle jwenn plizoumwen verite a, se pou
yo-menm menm ta fè pròp lekti ak etid pa-yo nan bib la ak yon espri
san lide tou fèt ni okenn pa-m pi bon, de fason pou lè yo jwen yon
pasaj oubyen yon vèsè ki kontrè ak sa yo te kwè, pou yo pap tòde l,
vire l, e yo kapab aksepte l vrè jan li ye a.
{Sou group nou pral debat kounyaa, se de sila yo ki kwè ke se
Jezu-Krist ki Papaa ki te nan ansyen testaman an.
Jezu se yon
pèsonaj ki tèlman profon e pywisan, ou jwenn anpil moun enterese de
li, e se konsa tou gen lòt k’ap
chèche inyore l, oubyen ap konbat li.
Se pa kounyaa anpil moun ap mande, ki moun Jezu ye! Depi nan
tan li t’ap viv la, yo te konn ap poze kesyon saa. Yo-chak konn dì
sa yo panse deli. Li te konnen sa, se sa ki fè nan Mak 8, vèsè 27,
28, 29, e nan Matye 16, vèsè 13, li te mande disip li yo, «Ki moun
yo dì mwen ye?”
Yo te reponn li,
«Jen-Batist, dòt dì ou se Eli, e lòt dì ou se youn nan ansyen profèt
yo.”
_Mak 8, vèsè 28,
e Matye 16, vèsè 15, - Jezu dì, « Se nou-menm, ki moun nou dì mwen
ye?”
Matye 15, vèsè
16: Piè menm, reponn li: Ou se Le-Krist, Jezu, Pitit Bondye Vivan
an!”
Matye 15, 17. Jezu
repran lapawòl e dì li: Ou ere, Simon, pitit Jonas; kaa se pa lachè
ak san ki devwale w sa. men se Papa m ki nan syèl la. E pa dì pèsonn
sa.” (Sa vedì, Jezu dì e li aksepte ke li se Pitit Bondye.) E nan
Mak 8, vèsè
38, Jezu deklare: «Kèlkeswa
moun ki va wont mwen epi pawòl mwen yo pami jenerasyon adiltè e
pechè saa, Pitit lòm nan va wont li tou lè li va vini nan glwa papa
li a avèk Sen Zanj yo.”
- Jezu toujou montre e aksepte ke li se Pitit Bondye. Anpil
moun, bann pawòl ak aksyon toujou pwouve sa .
Nan Matye 3, vèsè 16, lè Jan-Batis te fin batize Jezu, Lespri
Bondye desann sou li tankou on pijon, e kote yo tande yon vwa ki dì:
«Silaa se Pitit mwen renmen anpil la, nan li, mwen mete tout
afeksyon m, [tout lanmou m.”] (Sa dì se Bondye papaa ki t’ap pale
làa de Jezu-Krist, pitit li.) E pi devan, nan Matye chapit 4, vèsè 3
e 6, kote satan t’ap chèche tante Jezu, li dì l: 3) «Si ou se pitit
Bondye, pase lòd pou wòch sa yo tounen pen.” – E nan vèsè
6, li dì: «Si
ou se pitit Bondye, jete tèt ou anba ! Jan sa ekri a: l’ap pase Zanj
li yo lòd an favè w, epi y’ap
pote w nan men yo,
pa krent pou pye w pa
frape nan yon wòch !”
[Se paske satan konnen Jezu te dì li se pitit Bondye.] Si se te Jezu
ki te Le-Pèr, li pa tap pale disip li yo de
Papa l oubyen de Papa yo ki
nan syèl la. Paske nan Matye
5, vèsè 16 epi 45, Jezu t’ap fòme disip
li yo, li dì yo: «Ke
limyè w la klere devan lèzòm, de fason ke yo kab wè bòn aksyon ou
yo, pou yo kab bay Papa w ki nan syèl la glwa.”
- Nan vèsè
45, li kontinye
dì yo :
«Afen ke ou kapab pitit Papa w ki nan syèl la; paske li fè leve
ssolèy la sou Bon yo, tankou sou Pa-bon yo.”
(Li pa dì mwen pap padone w, men li dì, Papa w ki nan syèl la.) Nan
anpil lòt
vèsè nan Matye, Jezu site, -Papa-wki nan syèl la, Papa-m ki nan syèl
la. Nan chapit 7, vs 21, li dì: Se pa tout sila yo k’ap rele
m, Senyè, Senyè, k’ap antre nan wayòm syèl la; men, se sila
yo ki fè volonte Papa m ki nan syèl la.”
E
nan Matye 8, 29, 2 demonyak rele Jezu, Pitit Bondye; kote yo dì: «Ki
rapò ki genyen antre nou-menm avèk ou, Jezu, Pitit Bondye?” -E Jezu
pa demanti yo.
Jezu deklare ke
travay li vin fè a se pou Papa l. Se Papa l ki voye l. Nan Matye
chapit 9, 37, 38, li dì disip yo mwason an anpil, li manke ouvriye.
«Priye mèt mwason an pou li voye ouvriye.”
–E se pa de li-menm l’ap pale ki mèt mwason an, men, de Papa l.
E nan chapit 10,
vèsè 32 ak 33:
li dì:
Se poutèt sa , nenpòt moun ki prezante m devan lèzòm, mwen va
prezante l tou devan Papa m ki nan syèl la; men, nepòt moun ki nye m
devan lèzòm, mwen va nye l tou devan Papa m…” E vèsè
40 :
Silaa ki resevwa w, se mwen li resevwa; moun ki resevwa m,
resevwa silaa ki te voye m nan.”
Jezu aksepte ke li se silaa ki te dwe vini depi nan ansyen testaman
an; e ke Mesi Jan-Batis panse li ye a, se li-menm. Nan Matye 11,
vèsè 2, pandan Jan-Batis nan prizon, li voye disip li yo mande Jezu,
èske li se silaa ki te dwe vini an, oubyen èske nou dwe retann yon
lòt ? (Vèsè 4.) Jezu dì yo, al dì l sa ou tande, sa ou wè: - 5.
Avèg yo wè, bwate yo mache, moun ki gen lèp yo pirifye, moun
soud yo tande, mò yo leve, e bòn nouvèl la preché à moun pòv yo.”
25.
Nan tan saa, Jezu pran lapawòl,
e dì:
Mwen ba ou louwanj,
Papa, Senyè syèl la ak tè a, dpoutèt ou te kache bagay sa yo à saj
yo e à entelijan yo, e ke ou
devwale yo à ti moun yo.
26.
Wi, Papa, mwen ba ou louwanj, poutèt se konsa ou te vle l.
- 27.
Papa m te ban m tout bagay, e pèsonn pa konnen Pitit la, si
se pa Papaa; pèsonn nonplis pa konnen Papaa, si se pa Pitit la, e à
silaa ke Pitit la vle devwale l.”
[Mwen-menm frè w, Alain Picard Parent, mwen pap chèche anyen pèsonèl
lè m’ap fouye nan Lekriti pou ede konprann yon sijè k’ap mete
divizyon nan kò Krist la, kote nouvo gwoup saa ap fè kwè ke pa gen
Dieu Le Père, se Jezu Ki Papaa. Déjà aprè kèlke pasaj sa yo, li pa
difisil pou moun konprann ke Jezu se Pitit Bondye. Ou-menm ki te
gentan konprann oubyen ap fè konprann ke se Jezu ki Papaa, si ou lì
etid saa avèk yon lespri lib e liberé, san yon pansé tou fèt, w’ap
konprann li tout , paske mwen wè pa gen anyen kaché ki anpeche
wè ke Jezu se Pitit Bondye. Sa pou ou konprann, si li te
konnen se li ki te Papaa, li pa ta kapab ap pale de Papa l, ni ap
priye Papa l ! Poukisa nan Matye 12, vèsè 47, pandan Jezu tap pale
ak foul la, yon moun te fè li konnen manman l ak frè l yo deyò a,
bezwen pale avèk li; Jezu reponn li nan vèsè 48, 49, 50: «Ki yès ki
manman m nan, e kiyès ki frè m yo ? (E li mete men l sou disip li
yo, e dì:49 Men manman m ak frè m yo ! - 50 :
Kaa, nenpòt moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la, se moun
saa ki frè m, sè m, ak manman m.”
E
se paske Jezu konnen li gen Papa l nan syèl la ki fè nan Matye 14, vèsè
19, anvan li te
fè mirak miltipliye pwason an, li leve zye l anlè nan syèl la, li
rann gras . E ankò, lè Krist la te fini mache sou lanmè a, etone
sila yo ki te nan bak la, nan vèsè 33, te vini koube devan Jezu, e
dì: Ou se toubon vre, Piti Bondye.” E nan menm liv Matye a, lè Jezu
tap dì yon bann kozé lè disip yo te dì Jezu nan chapit 15, vèsè
12: «Ou konnen Farizyen yo te santi yo eskandalizé pou pawòl sa yo
ke yo te tande ?” - Jezu te reponn: 13: Tout plant ke se pat Papa m
ki nan syèl la ki te plante l, pral derasinen.”
Plizyè fwa Jezu dì
se Papa l ki voye l. Se sa ki fè yo rele l, Mesi a, Pitit Bondye
voye nan lachè a. Se sa
ki fè nan Matye 15, vèsè
22, lè fanm Kananeyèn
nan tap krye byen fò dèyè Jezu: «Gen pitye pou mwen, Senyè, Pitit
David la ! Demon ap toumante pitit mwen an anpil !” – Jezu pat
reponn li anyen; men, disip yo te vle pou li fè fi a ale ki tap
kriye nan tèt yo a. Men, Jezu te reponn
yo nan vèsè 24:
Se brebi pèdi kay Izrayèl yo menm yo te voye m vin jwenn.”
(Si li dì,
yo te voye l, sèke se pa li ki vini poukont li. Se sa ki fè li dì
nan Matye 16,
27: Pitit lòm
nan dwe vini nan glwa Papa l avèk zanj li yo; e lè saa, li va rann à
chak moun selon sa li te fè.” Epi nan Matye chapit 17,lè Jezu te
transpòte
Pyè, Jan, Jak sou montay la, kote Jezu te transfòme,
epi Moyiz, Eli te vin pale avè l; epi
yon nyaj te kouvri yo, e yon
vwa te pale, e dì nan vèsè 5: Silaa se Pitit mwen renmen anpil la,
se nan li mwen mete tout afeksyon m: koute l!”
Konsa, si Bondye Papaa deklare ke Jezu se pitit ke li renmen anpil,
Jezu se Dye; paske Pitit Bondye, se Dye! Konsa, ak tout prèv
sa yo, nou pa
ka bpa rann nou kont ke Jezu gen yon Papa nan syèl la. Se sa ki fè
nan Matye chapit 18, kote Krist tap konpare moun ki pou wayòm syèl
la avèk ti moun yo, Jezu fè disip yo konnen nan vèsè 10:
Fèt atansyon pou nou pa meprize okenn nan piti sa yo; kaa
m’ap dì w ke zanj-pa yo yo
ki nan syèl la wè continyèlman lafas Papa m ki nan syèl la. –Vèsè
14.
De mèm, se pa volonte Papa w ki nan syèl la ke li ta pèdi
yon sèl nan piti sa yo.”
E
Jezu dì disip li yo nan vèsè 19: Mwen dì ou ankò, si 2 nan ou mete
w ansanm sou tè a pou mande yon bagay kèlkonk, Papa m va ba
ou li.
E
pi devan, li tap dì disip yo si yo pa padone youn lòt, nan vèsè 35:
Se konsa tou Papa m ki nan syèl la va trete w tou, si ou-chak
pa padone frè w ak tout kè-w.
Jezu tèlman konnen ke li depann de Papa l, lè nan Matye 17, v 20 à
kontinye, manman pitit Zebede yo te pwoche kote Jezu avèk yo, epi
ajenou nan pye l pou mande l pou li ta bay lòd pou 2 pitit li yo ta
chita avèk li nan wayòm li a, youn à dwat, lòt la à gòch li. Vèsè
22.
Jezus reponn: Ou pa konnen sa ou mande a. Èske ou kab bwè koup ke
mwen dwe bwè a? – Yo dì:
Nou kapab. 23.
E li reponn yo: Se
vre ou ka bwè koup mwen-an; men,
pou sa ki rele chita à dwat e à gòch mwen, sa pa depann de
mwen; men se à moun sila yo ke Papa m rezève l k’ap genyen l.
Chapit 21, v
9;
Sila yo ki te devan e sila yo ki tap swiv Jezu, tap rele byen
fò: Hosanna à Pitit David la! Ke silaa ki vini nan non Senyè a kapab
beni ! Hosanna dans les lieux très hauts!
-
Chapit 22, v
41.
Kòm Farizyen yo te rasanble, Jézu poze yo kesyon, - 42. an
dizan: Sa ou panse de Kris la ? Pitit ki moun li ye?”
Yo reponn li :
«Li soti nan
David.” - 43.
E Jezu dì :
Kouman David fè
animé pa Lespri, fè
rele l Senyè, lè li dì: - 44:
Senyè a te dì Senye m nan: Chita à dwat mwen, jiskaske mwen
fè énmi ou yo tounen machepye w? - 45.
Donk si David ka rele l Senyè, kòman l ka fè pitit li?”
(Mwen konprann ke se de Dye Lepè ke David ap pale, ki mande
Jezu-Krist chita à dwat mwen…) E Jezu dì disip li yo nan Matye
chapit 23, v 9.
E pa rele pèsonn sou tè a papa; kaa, yon sèl Papa ou genyen,
se silaa ki nan syèl la.
- 10.
Pa fè yo rele w direktè , kaa, yon sèl direktè ou genyen, se
Kris la.”
E m’ap
mande w pou lì parabòl
Jezu bay la nan Matye 21, vèsè 33 jiska 43; ou kab wè
sa sanble ak
Bondye ki kreye yon tè, epi li ale, li kite moun pou travay li pou
li, epi moun sa yo vle pran tè a pou-yo. Konsa, lè li voye sèvitè li
yo, pwofèt li yo vin
sou tè a, yo touye yo, etc . Jisskaske li voye pwòp Pitit li,
Jezu-Kris, pansan ke y’ap gen respè pou li, yo touye l tou menm
jan-an.
(Alò, sa ki fè mwen vle se ou ki lì
tèks saa, se paske se yon parabòl, se mwen ki kab entèprete l konsa,
ou-menm, ou ka pa wè l nan jan saa. Men lòt vèsè yo, mwen pa
entèprete yo, mwen sèlman rapòte yo, kote yo fè klè ke Jezu se Pitit
Bondye.
Farizyen yo te okouran ke Jezu tap dì li se Pitit Bondye e tap
travay pou Bondye, ak sa, yo tap chèche pran Jezu nan pyèj sou pwòp
pawòl li, kote yo dì l nan Matye 23, 16: Mètt, nou konnen ke
ou veridik, e ke w’ap montre chemen Bondye a selon
laverite,san ou pa enkyete w de pèsonn; ”
- E lè disip yo te mande Jezu nan Matye 24, ki lè l’ap
retounen , Jezu te reponn nan vèsè 36:
Pou sa ki konsène afè jou avèk lè, pèsonn pa konnen l , ni
zanj yo ki nan syèl la, ni Pitit la, mais le Père seul.”
E
pi devan, nan Matye 25,
31, Jezu dì:
Lè Pitit lòm nan vini nan glwa li,
avèk tout zanj yo, li
pral chita sou twòn glwa li. - 32.
Tout nasyon va rasanble devan l, li va separe yo youn avèk
lòt, menm jan bèje a, (gadriyen an) separe mouton yo ak bouk yo;”
elatriye. E vèsè 34. Lè
saa, Waa va dì à sila yo ki va sou bò dwat li:
Vini, ou-menm
ki se beni Papa m yo; vin posede wayòm saa ki te preparé pou ou a
depi mond la tap kreye a !
Matye chapit 26, vèsè 27, 28,, 29, kote Jezu tap pran dènye kominyon
avèk disip li yo, aprè li te fin bay gras, li te dì: - 29.
M’ap dì ou li, mwen pa pral janm bwè ankò nan fwi rezen saa
apati jodi a, jiske nan jou mwen va rebwè ankò avèk nou nan wayòm
Papa m nan.”
(Mwen pa wè okenn dout ke Jezu se sou lòd Papa l l’ap travay. Ou ka
wè l’ap priye l. Nan Matye 26, vèsè
36, Jezu te ale avèk disip
yo nan kote ki relé Gethsémané, e li dì yo: «Chita làa pandan
m’ap avanse pi lwen pou m priye.
- 39.
Epi aprè
li fin fè kèk pà an avan, li
jete
l sou fas, epi li priye konsa: « Papa, si li posib, ke koup saa
wetire kò l lwen mwen !, Toutfwa, non pa sa mwen vle, men sa ou-menm
ou vle. - 42.
Li deplase al pi lwen yon dezyèm
fwa, epi priye
konsa: Papa, si
li pa posib ke koup saa wetire kò l san m pa bwè l, ke volonte w
fèt !”
Se konsa, aprè Jida fin trayi Jezu, kote chèf yo vin pou arete l, li
dì yo: 53:
Ou panse ke mwen pa ta kapab rele Papa m, ki ta voye ban mwen
kounyaa plis pase douz léjyon anj?
- 54.
Kouman sa ki te ekri yo tap fè akonpli ? Daprè Ekriti yo, se
konsa li dwe ye.”
E
lè li rive devan gran Jij Sakrifikatè a,
63.
Jésus rete an silans. Et Gran Jij tou-pywisan an pran lapawòl
e dì li: Mwen priye w devan Bondye vivan an, dì nou si ou se
Kris la, Pitit Bondye a. - 64.
Jezu reponn li: Ou te dì l. An plis, mwen deklare w li, ou
pral wè Pitit lòm nan chita à dwat pywisans Bondye, e ap vini
sou nyaj yo nan syèl la.”
Pandan chèf yo kloure Jezu sou yon kwa, ap matirize l, bat li, e
imilye l, yo dì l: vèsè 40:
Ou-menm k’ap
detwi tanp la e
k’ap rebati l nan twa jou, sove tèt ou ou-menm ! si ou se pitit
Bondye, desann kwaa! -
43.
Li konfye l nan Bondye, ke Bondye delivre l kounyaa menm si
li renmen l. Ka li te dì: Mwen se Pitit Bondye.” - 46.
E nan zòn nevè, Jezu pouse yon gwo vwa fò: Eli, Eli, lama
sabachthani? Sa vedì: Mon Dieu, mon Dieu, poukisa ou abandone m?”
(Sa m’ap mande, si li se Papaa, kouman li ta fè ap priye pwòp tèt
li ? - E nan Matye 27, vèsè 51, lè Jezu fin mouri, Vwal tanp la te
dechire an 2 depi anwo, jis anba, elt.
- Vèsè
54. Ofisye
santenye epi sila yo ki te avèk li pou veye Jezu,
lè yo wè tranblemann-tè ak
tout sa ki te rive yo, te vin pè anpil; e dì: «se sèten, nonm saa se
te Pitit Bondye !”. E lè
Jezu fin resisite, nan Matye 28, vèsè
18, li
apwoche, pale avèk yo konsa: «Yo te ban mwen tout pouvwa nan syèl la
episou tè a.” - 19.
Alle, fè
bann disip nan tout nasyon,
batize yo nan non Papaa, Pitit la, epi Sentespri a.”
(Sa se kòmandman Jezu bay disip li yo avan li ale.
Poutan, nouvo gwoup saa ki
kwè ke se Jezu ki Papaa, menm ap preche, si
yyon moun te batize o non du père, du Fils et du Saint
Esprit, se te batèm satan; ou pat batize, ou dwe rebatize nan non
Jezu-Kris. Mwen, sa
mwen pa konprann, si se Jezu ki mèt legliz li, li pase lòd ki jan
pou moun batize, èske yon gwoup moun ka pran chans vin pase lòd
pa-yo nan legliz Jezu-Kri la ? Se Jezu ki konnen sa l’ap dì; li pa
ka dì yon bagay, pou ou-menm ou dì yon lòt.
Si yo fè konnen ke se batèm
Pyè a ki bon: sa mwen pa rive eksplike m, poukisa yo vle kwè Pyè, yo
pa vle kwè Jezu ?
Mwen, sa mwen rete kwè, Pyè pa tap janm dì Batize nan non Jezu, yon
fason pou kontredì Mèt la, ni pou l fè yon lòt doktrin pa-l; li ka
sèlman dì sa konsa. Men, poblèm nan, se lè ou-menm ou deside
de pwòp chèf ou dì jan Jezu Krist te dì pou fè batèm nan 3
non yo pa bon.
Antouka, Jezu te dì nou anpil moun ap vini nan non l, men,
fètatansyon pou ou pa twouble. E
pi devan nan Galat 1.9, Apot Pòl dì si on moun vin pale w de yon lòt
levanjil ke sa ou tande làa, dì l li anatèm.
Sa pou on moun pa bliye, prensip ak lide ki ap dirije
levanjil Krist la ekri, se pa yon relijyon oral ke moun ka entèprete
jan yo vle, paske moun leve jwenn tout doktrin nan byen ekri. Jezu
Krist pa janm montre l’ap pran glwa Papa l. Lè Mari ak Jozèf te
panike paske yo tap chèche l, yo pat wè l, Li dì yo nan Luk 2, 49:
Poukisa w’ap chèche m ? ou pa konnen fòk mwen okipe afè Papa
m ? - Luk 4, 43, li kontinye dì:
Men, fòk mwen
anonse bòn nouvèl wayòm Bondye a à lòt vil yo tou;
kaa se pou sa
yo te voye m.” Epi kan Jezu te rive nan Nazarèt,
nan sinagòg la, yo te bali liv la pou li te fè lekti, e li te louvri
l kote Pwofèt Ezayi tap pwofetize sou li; Lik 15, v
18: Lespri Senyè a sou
mwen, e li te konsakre m pou anonse yon bòn nouvèl à pòv yo; Li te
voye m pou m geri sila yo ki gen kè yo trist, pou deklare
ladelivrans à prizonye yo, e fè avèg yo rewè nan zye yo, pou delivre
sila yo ke y’ap kraze, - 19.
Pou pibliye yon ané gras pou Senyè a.”
(Se pa de tèt
li l’ap pale, men se Papa l li trete Senyè a. E si se li-menm ki te
Papaa, poukisa li ta bezwen dì, lespri Senyè a sou mwen, li te
konsakre m pou m anonse yon bòn nouvèl à pòv yo,”
etc. - E se konsa nan
Lik 2, 30.
Lanj la dì l: Pa krenn anyen, Marie; kaa ou te jwenn gras
devan Bondye. - 31. E men ou
pral vin ansent, e ou va fè yon pitit, ou va ba li
non Jezu. - 32.
Li va gran e yo va rele l, Pitit Trè-ho a, e Senyè Bondye a
va ba li twòn David la, Papa l., etc. - 34.
Marie dì
lanj
la konsa: Kòman sa pral fè fèt, pwiske mwen pa ko konnen okenn
gason? - 35.
Lanj la reponn li: Le Sent-Espri pral vini sou ou, e pywisans
du Très-Haut va kouvri w avèk lonbray li. Se pousa pitit sen saa ki
pral soti nan ou a, va relé Pitit Bondye.”
(Ak tout prèv sa yo, Poukisa pou nou pa ta vle dakò ke li se pitit
Bondye ? Paske Jean rele Jezu, Lapawòl, epi Limyè mond la. li dì nan
Jan 1, v 1: O
kòmansman, se te Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te
Bondye. - 2.
Li te nan kòmansman avèk Bondye.Vèsè 3: Tout sa ki te fèt, se
li ki te fè yo. Okenn
nan sa ki te fèt yo pat fèt san li-menm.
– vèsè 12: Men, à tout sila yo ki resevwa l, à tout sila yo
ki kwè nan non l, li bay yo pouvwa pou vin Pitit Bondye. vèsè 14:
E Pawòl la te vin tounen chè, e li te abite nan mitan nou,
ranpli ak gras epi verite; et nou te wè glwa li, yon glwa tankou
glwa sèl grenn Pitit la ki
soti nan Papaa. 17.
Kaa Lalwa, se Moyiz ki te bay li, la grâce et la vérité, se
Jezu-Krist ki pote yo. - 18.
Pèsonn pat janm wè Bondye; yon sèl grenn Pitit la ki nan sen
Papaa, se li-menm ki te fè konnen l.”
Epi sa dì, sanble se paske se Pawòl
Bondye a ki te fè tout bagay, ki fè nan Jenèz, Pawòl Bondye a te dì:
«An-nou fè lòm avèk imaj nou epi ak resanblans nou!”
Epi lè
lòm fin peche, kote zye yo vin louvri, Pawòl Bondye a dì nan Jenèz
3, 22: «Men lòm vin tankou youn nan nou.”
Sa dì, Jezu te là nan kòmansman kreyasyon an ak Papa l. Se
poutèt sa yo dì ke li se premye de tout la kreyasyon, li se premye,
li se dènye.
Sa pou yon moun
konprann, rekonèt Jezu kòm pitit Bondye, se youn nan kondisyon pou
on moun sove sou lagras. Kaa se
sa ki fè li dì nan Jean 3,
16 :
Kaa Dye te tèlman renmen mond la, li bay sèl grenn pitit li a
pou ke nenpòt moun ki kwè nan li pa janm peri, men li ka gen lavi
etènèl. - 17: Ak sa, Bondye
pat voye pitit li a nan mond la pou l kapab jije mond la, men pou ke
mond la kapab sove akoz de li-menm. - 18.
Silaa ki kwè nan li pap jije; men silaa ki pa kwè, li déjà
jijé, paske li pat kwè nan non sèl grenn pitit Bondye a.”
- E Jan-Batist te wè
Jezu ap pase nan Jean -
1, vèsè
29, li dì: Men
Agneau Bondye a.” E nan Jean 1,
v 32,
Jean te rann témwayaj
saa: Mwen te wè lespri Bondye desann soti nan syèl la tankou yon
pijon e vin rete sou li. 33:
Mwen pat konnen l, men
silaa ki te voye m batize ak dlo a te dì m: Sou silaa ke ou va wè
lespri a desann e rete sou li a, se moun saa ki va batize ak
Sent-Espri a. - 34.
E mwen te wè, epi mwen rann témwanyaj ke li se pitit Bondye.”
E pi devan, Natanaèl te etone ke Jezu te gentan wè l pandan li te
sou figye a, te reponn Jezu nan vèsè
- 49: «Rabbi, ou se
Pitit Bondye, ou se Wa Israël.” E nan tanp la, lè Jezu tap chase
vandè bèf, vandè pijon yo, elt, nan Jean 2, v 16, e li dì
yo: Wetire saa
isit la, pa fè kay Papa m nan tounen yon kay biznis.” E lyo tap
mande Jean-Batist ki yès li ye ? Li te dì, li-menm li de la tè, men,
Jezu soti anwo; lè li reponn nan Jean 3, vèsè 31, 32:
Silaa ki sòti nan syèl la, siperyè tout moun; - 32.
Li rann témwanyaj de sa ke li te wè e ke li te tande,
e pèsonn pa resevwa
témwanyaj li a. - 33.
Silaa ki resevwa témwanyaj li a, sètifye ke Bondye vrè; - 34.
Kaa silaa ke Bondye voye a dì pawòl Bondye yo, paske Bondye
pa ba li lespri avèk mezi. - 35.
Papaa renmen Pitit la, e li te remèt tout bagay ba li. - 36.
Silaa ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl, men silaa ki pa
kwè nan Pitit la pap wè lavi, men, kòlè Bondye rete sou li.”
E
pi devan, lè
Jezu tap pale ak fanm samaritèn nan de vi prive l, li te reponn Jezu
nan Jean 4, vèsè
25: Mwen konn ke Mesi
yo rele Krist la dwe vini; Kan li va vini, li va anonse nou tout
bagay.” - 26. Jezu dì
li: Mwen se
li-menm, mwen k’ap pale avèk ou a.” E aprè disip yo te fin retounen,
yo tap fòse Jezu pou li manje, li te reponn yo
nan Jean 4, vèsè
34:
Nouriti mwen, se fè volonte silaa ki te voye m nan epi pou
akonpli zèv li.” E lè Jezu te fin geri nonm malad la jou sabaa, Jwif
yo te vle touye l, li te reponn yo nan Jean 5, vèsè 17: Papa m
ap aji jiskaprezan, mwen-menm tou, m’ap aji.
- 18.
Akoz sa, Jwiv yo tap chèche pou fè touye l plis ankò, non
sèlman paske li vyole saba, men paske li tap rele Bondye pwòp papa
l, e tap fè tèt li egal
ak Bondye. - 19.
Jezu repran lapawòl e dì yo: En vérite, An verite, m’ap dì w
li, Pitit la pa ka fè anyen apati de li-menm menm,
se sèlman sa li wè Papaa fè;
e tout sa Papaa fè, Pitit la fè l tou menm jan-an. -
20.
Kaa Papaa renmen Pitit la, e li montre l
tout sa li fè; e li va montre l pakèt zèv pi gran ankò ke sa
yo, de fason ke ou ka plis etoné ankò. - 21.
Kaa kòm Papaa resisite moun mouri, e bay lavi, konsa, Pitit
la bay lavi à silaa li vle.
– 22 . Papaa pa
jije pèsonn, men, li te remèt tout jijman bay Pitit la, -
23; de fason ke tout
moun ka bay Pitit la onè menm jan yo bay Papaa onè. Sila yo ki pa
onore Pitit la, pa onore Papaa ki te voye l la. -
24. An
verite, an verite, m’ap dì w li, silaa ki koute pawòl mwen, e ki kwè
silaa ki te voye m nan, gen lavi etènèl e pap janm vini nan
jijman, men, li travèse sot nan lanmò al nan lavi. -
25.
En vérité, en vérité, mwen dì w li, lè a ap vini, e li déjà
vini, kote mò yo va tande vwa Pitit Bondye a; e sila yo ki va tande
l va viv. -
26.
Ka manm jan Papaa gen lavi nan li-menm, se konsa tou li bay
Pitit la pou l gen lavi nan li-menm.
- 27.
E li te bay li pouvwa pou jije, paske li se pitit lòm.”
E nan vèsè 30, Jezu kontinye pou l dì: Mwen pa kab fè anyen
de mwen-menm menm, selon ke m konprann nan; mwen jije, e jijman m
nan jist, paske mwen pap chèche volonte m, men volonte silaa ki te
voye m nan.” E nan vèsè
31 jiska 35,
Jezu dì, si m
rann témwanyaj de tèt mwen, témwanyaj mwen an pa vrè; gen yon lòt ki
pale de mwen, e mwen konnen ke sa li dì de mwen an vrè.” Etc. Li tap
pale yo de Jean-Batist ki te déjà dì
yo verite, kiyès Jezu ye. E Jezu dì yo nan vèsè
36.
Mwen-menm, mwen gen on témwanyaj ki pi gran ke pa-Jean an,
paske zèv ke Papaa ban
mwen pou m akonpli yo, menm jan tou zèv sa yo ke mwen fè yo témwanye
pou mwen ke se Papaa ki te voye m.
- 37. E Papaa ki
te voye m nan te rann témwanyaj de mwen, li-menm. ou pa janm tande
vwa l, ou pa janm wè fas li,
- 38.
e pawòl li pa abite nan ou, paske ou pa kwè nan silaa ke li
te voye a. -
40.
E ou pa vle vin jwenn mwen pou w kab gen lavi!
- 43.
Mwen vini nan non Papa m, e ou pa resevwa m; si yon lòt vini
nan pwòp non l, w’ap resevwa l.
- 45.
Piga ou panse ke mwen-menm, mwen
pral akize w devan Papaa;
silaa ki ap akize w, se Moyiz ke ou te mete espwa w nan li a.
- 46.
Kaa si ou kwè Moyiz, w’ap kwè m tou, paske li te ekri sou
mwen.”
Aprè Jezu te fin miltipliye pen ak pwason bay foul la, kote te gen
nan yo ki te ale dèyè l, kote li te fè yo konnen ke se paske li te
ba yo pen ak pwason ki fè y’ap swiv li; men li te dì yo nan Jean 6,
v 27.
SE pa pou manjé k’ap pouri pou nou travay, men pou sa k’ap
rete pou lavi etènèl ke Pitit lòm nan ap ba ou; kaa se li ke Papaa,
ke Bondye te make avèk so l.
28.
Yo dì l: Kisa pou nou fè pou nou ka fè zèv Bondye?
29.
Jezu reponn yo: Zèv Bondye a, se pou w kwè nan silaa ke li te
voye a. 32.
An verite, an verite,
mwen dì w li, Moïse pat ba ou pen syèl la, men papa m ba ou
vrè pen syèl la; -
33.
kaa pen Bondye a, se silaa ki desann sot nan syèl la e ki bay
lavi à mond la. 37.
Tout sila yo ke Papaa ban mwen ap vin jwenn mwen, e mwen pap
mete deyò silaa ki vin jwenn mwen;
38.
ka mwen desann sot nan syèl la, se pa
pou m fè volonte m, men
volonté silaa ki te voye m nan.
39.
Òdonk, volonte silaa ki voye m nan, se pou m pa pèdi anyen nan sa ke
li te ban mwen, men ke mwen reveye l sot nan lanmò. -
40. Sa Papa m vle,
sèke nenpòt moun ki wè Pitit
la e ki kwè nan li jwenn lavi etènèl… 44.
Pèsonn pa ka vini jwenn mwen si Papa ki voye m nan pa rale l
vini… - 46.
Sèke okenn moun pat wè Papaa, sinon silaa ki soti nan Bondye
a; silaa te wè Papaa. 57.
Menm jan Papaa ki vivan te voye m, e ke mwen vi akoz Papaa,
se konsa tou silaa ki manje m va viv akoz de mwen. -
65.
Epi li ajoute: Se poutèt sa mwen te dì w ke pèsonn pa kapab
vini jwenn mwen si se pa Papaa ki ba li sa.”
Pandan Jezu tap pale konsa, anpil nan disip li yo te wetire kò
yo.
-
67. Jezu te dì à douz
disip yo: E ou-menm, èske ou pa ta vle ale tou?
68. Simon Pierre reponn
li: Senyè, ki moun pou nou
ta al jwenn? Ou gen pawòl yo ki bay lavi etènèl la.
- 69.
E nou te kwè, e nou te konnen ke ou se Krist la, Sen Bondye
a.”
Answit, nan Jean 7, vèsè 14, Jezu tap ansenye, fòme moun nan tanp
la, jwif yo te etoné pou sa, epi yo dì: kouman, li pat janm etidye
ekriti yo, kouman li fè konn pawòl sa yo?
16. Jezu reponn
yo: Doktrin mwen-an, opinyon m nan, se pa de mwen li soti, men, de
silaa ki te voye m nan.
- 17.
Si yon moun vle fè volonte l, li va konnen si doktrin mwen-an
se nan Bondye li sòti, oubyen si se de pwòp otorite m m’ap pale.
- 18.
Silaa ki se de pwòp otorite-pa l l’ap pale, ap chèche pwòp
glwa-pa l; men silaa k’ap chèche glwa silaa ki te voye l la, moun
saa veridik, e li pa gen okenn enjistis nan li. 28.
E pandan Jezu tap fè fòmasyon nan tanp la,
te rele byen fò: Ou konnen
mwen, e ou konnen kote m soti! Se pa de mwen-menm mwen vini, men
silaa ki voye m nan vrè, e ou pa konnen l.
29. Mwen, mwen konnen
l; kaa, mwen soti nan li, e se li ki voye m.
33.
M’ap rete avèk ou ankò sèlman pou on ti kras tan, epi mwen
prale jwenn silaa ki te voye m nan.” - E li kontinye nan Jean 8, vèsè
16.
E si m’ap jije, jijman m nan vrè, kaa mwen pa poukont mwen,
men Papaa ki voye m nan avèk mwen.
- 18.
Mwen rann témwanyaj de mwen, e Papaa ki voye m nan rann
témwanyaj de mwen. -
19.
Yo dì li: Kote papa w ye? Jezu reponn: Ou pa konnen ni mwen
ni Papa m. Si ou te konnen m, ou ta konnen Papa m tou.
- 23.
E li dì yo: Se moun anba isit ou ye, mwen-menm, se anwo m
soti., etc. 24.
Se poutèt sa mwen dì w w’ap mouri nan peché ou-yo, kaa si ou
pa kwè sa mwen ye a, ou va mouri nan peché ou-yo.
25.
Kiyès ou ye? Yo mande
l. Jezu reponn yo: Sa ke m
te dì w la depi o kòmansman an.
26.
Mwen gen anpil bagay pou m dì de ou epi pou m jije nan ou.
Men silaa ki voye m nan vrè, e sa m tande de li, mwen dì
mond la sa.
28.
Jezu dì
yo: Lè ou va
fin ise pitit lòm nan, lè saa ou va rekonèt sa mwen ye, e ke mwen pa
fè anyen de pa mwen-menm, men mwen pale selon Papaa te montre m.
29.
Silaa ki te voye m nan avèk mwen, li pat kite m poukont mwen,
paske mwen fè toujou sa ki bon devan l.
38. Mwen dì sa m
te wè lakay Papa m,” (etc.)
40.
«Men kounyaa w’ap
chèche pou fè yo touye m, mwen k’ap dì w verite ke mwen tande de
Papa m. - Etc.)
41. Se zèv papa pa-w
w’ap fè.” Yo reponn li:
Nou pa pitit deyò;
Yon sèl papa nou genyen, se Bondye.
42.
Jezu dì yo: Si Bondye se te papa w, ou tap renmen m , paske
se nan Bondye mwen sòti; se pa mwen ki vini pa-pwòp tèt mwen, men se
li ki voye m. 43.
Poukisa ou pa konprann langaj mwen an ? Paske ou pa kab koute
pawòl mwen.”
Nan Jean 9, aprè Jezu te fin louvri zye avèg la, kote vwazen l ak
farizyen yo pat kwè se pitit Bondye, yo te chase avèg la paske li te
sanble dakò ak Jezu. Men, lè Jezu te aprann yo te chase l, li te
rankontre l nan Jean chapit 9, v 35,
li dì l: Èske ou kwè nan Pitit Bondye a ?
36.
Li reponn: E kiyès li ye, Senyè, de fason ke mwen kab kwè nan
li? 37.
Ou te wè l, Jezu dì li, se
silaa ki ap pale avèk ou a.” E Jezu dì
nan chapit 10,
v 17.
Papaa renmen m, paske mwen bay lavi m, de fason pou m reprann
li. 18.
Pèsonn pa wetire l nan men m, men, se mwen ki bay li
mwen-menm menm; mwen gen pouvwa pou m bay li, e mwen gen pouvwa pou
m reprann li: sa se lòd ke mwen resevwa nan men Papa m.” E pi devan
nan vèsè
24.
Jwif yo antoure l, e dì l: Jiskilè w’ap kenbe lespri nou an
sispan? Si ou se Krist
la, dì nou li franchman.
25. Jezu reponn yo:
Mwen te dì w li,ou pat kwè l. Zèv mwen fè nan non Papa m yo rann
témwanyaj de mwen. 26.
Men ou pa kwè, paske ou pa fè pati twoupo mouton m yo.
27. Mouton m yo tande
vwa m, m konnen yo,e yo swiv mwen.
29. Papa m ki te
ban mwen yo a pi gran ke tout, e pèsonn pa kab vòlè yo nan men Papa
m. 30.
Mwen ak Papaa, nou se youn.”
Lè l tap pale konsaa, Jwif yo te vle pran wòch pou lapide l. 32.
Jezu dì yo: Mwen te fè w wèe plizyè bòn zèv ki soti nan Papa
m: pou sa w’ap lapide m?” 33 .
Jwif yo dì
l, se pa pou on bòn zèv n’ap lapide w, men poublasfèm; ou se moun,
w’ap fè w pase pou Bondye.”
Eksetera. 36. Silaa ke
Papaa te sangtifye, e voye nan mond la, e w’ap
dì l’ap blasfème.
E paske mwen
dì: Mwen se Pitit Bondye.
37. Si mwen pa fè zèv
Papa m, pa kwè m. 38.
Men, si mwen fè yo,
mèm kan ou pa ta kwè m, kwè
nan zèv sa yo, afen ke ou ou ka konnen e rekonèt ke Papaa nan mwen e
ke mwen nan Papaa.”
(Èske
se poutèt sa ki fè yo dì ke se li-menm ki Papaa?
Sa sèlman pa sifi. Paske pi devan, lè Laza te mouri, Mat te dì Jezu
nan Jean 11, 21: Senyè, si ou te là, frè m nan pa tap mouri.
22. Men, kounyaa
menm, mwen konnen tout sa w mande Bondye, Bondye va akòde w li.”
41. Yo wetire wòch la. E
Jezu leve zye l anwo, e dì:
Papa, mwen ba ou gras poutèt ou te ekzaucé m.
42.
Pou mwen, mwen te konnen ou toujou satisfè m; men, mwen pale
akoz foul la ki antoure m nan, pou yo ka kwè ke se ou ki te voye m.”
E
Jezu dì disip yo nan Jean 14, vèsè
1: Ke kè ou pa
twouble, kwè nan Bondye, e kwè nan mwen.
2. Li gen plizyè
kote pou moun rete nan kay Papa m nan.”
6. Jezu dì li: «Mwen
se chemen an, verite a, epi lavi a. Pèsonn pa vin jwenn Papaa ke pa
mwen-menm. 7.
Si ou te konnen m, w’ap konnen Papaa tou. E apati jody a ou
konnen l, e ou wè l. 8.
Filip dì l: Senyè, montre nou Papaa, e sa ap ase.
9.
Jezu reponn li: Sa fè tèlman lontan mwen avèk ou, e ou pa
konnen mwen, Filip! Silaa ki wè m, wè Papaa; Kouman ou dì, montre
nou papaa? 10.
Èske ou pa kwè mwen nan papaa, e Papaa nan mwen? Pawòl ke m
dì w yo, mwen pa dì w
yo de mwen-menm; e Papaa ki abite nan mwen, se li ki fè zèv yo.
11.
Ou mèt kwè m, mwen nan Papaa, e Papaa nan mwen; » etc.
12.
An verite, an verite, m’ap
dì w li, silaa
ki kwè nan mwen va fè zèv ke m’ap fè yo, e li va fè menm pi gran
ankò, paske mwen pral jwenn Papaa;
13.
e tout sa ou va mande nan non m, mwen va fè l, de fason ke
Papaa ki nan Pitit la kapab jwenn glwa nan Pitit la.
16.
E mwen, mwen va priye Papaa, e li va ba ou yon lòt konsolatè,
de fason ke li ka rete avèk ou etènèlman.
20. Nan jou
saa, ou va konnen mwen nan papa m, ou nan mwen, e ke mwen nan ou.”
(Alò si
mwen ta annik pran sèl vèsè kote Jezu reponn Filip kesyon an, mwen
ta konprann menm jan ak sila yo ki kwè ke se Jezu ki Papaa. Men,
mwen wè Jezu pa rete là, li kontinye esplike yo pou fè yo konprann
se Papaa ki nan li ki fè l’ap fè sa yo wè l’ap fè yo; e yo-menm tou,
yo ka fè sa l’ap fèyo tou. E li dì yo l’ap mande Papa l pou bay yo
yon lòt konsolatè, ki se Sent-Espri; e lè saa, yo va konnen ke li
nan papa l, yo nan li, e ke li nan yo.” Sa vle dì, lè on moun nan
Jezu e ou fè volonte l, li nan ou, ou nan li; men sa pa sinifi paske
li nan ou a, ou se Jezu poutèt sa. menm jan apot Pòl dì: Si m’ap
viv, se pa mwen-menm ankò k’ap viv, men, se Krist k’ap viv nan mwen.
Donk, Bondye Papaa ap viv nan Jezu,
menm jan li dì nan Jean 8, 29:
«Silaa
ki te voye m nan avèk mwen, li pat kite m poukont mwen, paske mwen
fè toujou sa ki bon devan l.” Men si li pat fè volonte Bondye,
Bondye pa tap avè l.
si se sèl nan ti
pati saa yo ta mize pou kwè ke se Jezu ki papaa, li toujou pa ase
pou byen konvenk moun.
Selon mwen, mwen wè
li pa difisil pou yon moun konprann ki yès Jezu ye! Li dì l klè. Li
se pitit Papaa voye vin fèt nan moun sou tè a.
Mwen
konprann gen anpil moun ki ap preche levanjil la yon fason ki pa fin
kòrèk, se pa fòt yo, se moun ki te ba yo li a ki te ba yo li mal. Yo
ka pa de movèzfwa; gen anpil ki gen anpil zèl, anpil lafwa, ou wè
y’ap preche ak tout fòs yo, tout senserite yo.
Men, pawòl la dì nan labib la : «Pèp mwen an peri, fot de
konesans.”
Paske sa m wè, si on moun pa kwè ke Jezu se pitit Bondye, ou pa
ladann. Ka, Jezu pa janm manke preche pawòl saa.
Men, mwen vle raple w ke
mwen pa pretann se mwen ki gen verite a, mwen sèlman rasanble tèks
ak vèsè ki montre ke Jezu se pitit Bondye; si ou-menm, ou konnen dòt
pasaj klè ki montre kontrè a, m’ap konprann, paske mwen pap chèche
defann anyen pèsonèl; se sa mwen wè, mwen rapòte.
- Konsa, mwen wè menm Zakari, papa Jean-batist, lè Sen-Espri
te ranpli l epi li tap
pwofetize, li te rekonèt ke se Bondye Izrayèl la ki te voye Sovè a
ba yo, lè li te dì nan Luk 1, v 68:
«Ke Senyè, wa Izrayèl la kapab beni dèske li te vizite e
rachte pèp li a, - 69, e prepare pou nou
yon pywisan Sovè nan patri
David sèvitè l la,” elatriye.”
E Jezu dì disip
li yo nan Luk 22, 29 :
Se poutèt sa mwen dispoze wayòm nan an favè ou, manm jan Papa
m te dispoze l an favè m. – 69: Apati de jody a, pitit lòm nan pral
chita à dwat pywisans Bondye a.” – 70, Tout moun reponn et dì:
Donk, ou se Pitit Bondye? E li reponn yo: Ou dì l, se sa mwen ye.”
E sou lakwa, nan Luk 23, 34.
Jésus dit: Papa, padone yo, kaa yo pa konnen sa y’ap
fè. – 46; Jezu
rele ak yon vwa byen fò: Papa, mwen remèt lespri m nan men w.” – E
aprè Jezu
fin resisite e li prale, li dì disip li yo nan
Luk 24, 49: «E vwala ke mwen
pral voye sou ou sa ke Papa m te pwomèt la; men ou-menm, rete nan
vil la jiskaske ou kapab kouvri ak pywisans ki soti anwo a.”
E
nan Apokalips chapit
1.4, apot Jan ekri à 7 legliz yo ki ann Azi:
«Ke ou kapab jwenn lagras ak lapè ki sòti nan silaa ki se, ki
te e ki va vini, epi de 7 Espri ki devan twòn li a, 1.5
e de Jezu Krist, temwen fidèl la, premye ki soti vivan nan
lanmò a, et Prens toutw Wa ki sou tè a! À silaa ki renmen nou e ki
te delivre nou avèk san li,
et qui te fè nou vini yon wayòm, bann Sakrifikatè pou Bondye
papa li, li-menm ki dwe gen laglwa e pywisans, nan syèk aprè syèk!
(Apokalips chapit
2.18 Ekri à lanj de legliz
Thyatire: «Men kisa Pitit
Bondye a dì , silaa ki gen zye l yo tankou
on flanm dife,
e pye l yo ki sanblab ak
bwonz ki chofé kkou dife; - 2.26
A silaa ki pote laviktwa, e ki kenbe zèv mwen yo jisk’à
lafen,m’ap bay yo otorite sou nasyon yo.
- 2.27
Yo va dirije yo avèk yon baton fê, tankou yo kraze vaz ann
ajil, menm jan mwen-menm tou, mwen te resevwa otorite nan men Papa
m. 3.5
Silaa ki ranpòte laviktwa, y’a va abiye l ak rad blan;
mwen pap janm efase non l nan liv lavi a, e mwen va deklare non l
devan Papa m epi devan zanj li yo.”
3.12 Silaa ki va pote
laviktwa, mwen va fè l tounen yon kolòn nan tanp Bondye m nan, e li
pap janm sòti ankò ; mwen va ekri sou li non Bondye m nan, e non
lavil Bondye m nan, nouvèl Jerizalèm nan ki desann sot nan syèl
bò kote Bondye m nan, e non nouvo m nan.
3.21
Silaa kip òte laviktwa, mwen va fè l chita avèk mwen sou twòn
mwen an, tankou mwen-menm mwen te ranpòte laviktwaa, mwen chita avèk
Papa m sou twòn li a.”
*E si ou kontinye lì
Apokalips chapit 4, w’ap konprann ke se Bondye Papaa ki chita sou
twòn li ak tout lòt Lespri yo antoure l, e li kenbe nan men l yon
liv ki gen 7 so sou li ke pèsonn pat kapab louvri, ke sèl Jezu
Krist, pitit li, lè nan chapit 5, vèsè 2, Apot Jean dì:
5.2
E mwen te wè yon anj pywisan ki rele ak yon vwa byen fò:
« Kiyès ki gen pouvwa pou louvri liv la, e kase so l yo ?
5.3 E pèsonn
nan syèl la, ni sou tè a ni anba tè a pat kapab louvri liv la ni
gade l. 5.4
E mwen kriye anpil akoz yo pat jwenn okenn moun ki te gen
kapasite pou louvri liv la epi gade ladan l.
5.5 E youn nan
vye-granmoun yo dì m: Pa kriye ankò; men lyon ki sòti nan tribi
Judaa, pitit David la, te sòti venkè pou ka louvri liv la e 7 so li
yo.
5.6
E mwen te wè nan mitan twòn nan ak 4 èt vivan yo e nan mitan
vye-granmoun yo, yon ti mouton ki te là
tankou youn yo ta sakrifye.
Li te gen 7 kòn e 7 zye, ki se 7 espri
Bondye ke tout tè a te
voye. 5.7
Li te vini, e li te pran liv la nan men dwat silaa ki te
chita sou twòn nan. 5.8
Kan li te pran liv la, 4 èt vivan yo ak 24 vye-granmoun yo te
ajenou devan anyo a (ti mouton an),yo-chak kenbe nan men yo
yon harp e on bann koup an
lò plen ak pafen, ki se bann priyè pou Sen yo.
5.9
E yo tap chante yon kantik nouvo, pandan y’ap dì:
«Ou diyn pou pran liv la,e
louvri so l yo; kaa yo te sakrifye w, e ou te rachte pou Bondye ak
san w bann moun ki sòti nan tout lang, nan tout pèp e nan tout
nasyon; 5.10
ou te fè yo vin tounen yon wayòm e bann sakrifikatè pou
Bondye nou an, e yo va renye sou tè a.”
E nan Efezyen
1.1, apot Pòl salye pèp Bondye yo konsa:
Paul, apòt pou Jezu Krist selon lavolonté de Dieu, à Sen yo ki nan
Éphèse e à fidèl nan Jezu Krist yo:
1.2 Ke lagras e lapè ki
sòti nan Bondye papa nou e de Senyè Jezu kapab pou ou !
1.3
Ke Bondye Papa Senyè nou, Jezu Krist kapab beni, ki te beni
nou ak tout sòt de benediksyon spirityèl,” elatriye.
- 1.4
nan li, Bondye te chwazi nou anvan mond la te kreyé,”
elatriye. 1.5
ki te chwazi nou nan lanmou li pou nou te vin pitit adoptif
li akoz Jezu Krist, selon bon plezi volonté l, 1.17
de fason ke Bondye pa-Senyè Jezu Krist nou an, Papa glwaa ba
ou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans li,
- 1.18 e ke li
ka klere zye kè w pou ke ou kapab konnen ki esperans ki atache ak
rele li rele nou an, ki kalite richès glwa eritaj ke li rezève
à Sen yo, » elatriye, -
1.20
Li te deploye l nan Krist, lè
li resisite l pami mò yo,
e lè li fè l chita à dwat li nan syèl la,
- 1.21
sou tèt tout pouvwa, depase tout Otorite,” elatriye,
- 1.22
Li te mete tout anba pye l, e li ba l pou l chèf
total kapital sou Legliz la,”
elatriye.
(E si ou kontinye lì pi devan nan Efezyen an, w’ap wè Apot Pòl
montre se Jezu ki retabli relasyon antre nou ak Papa l, nou ki te
pèdi. E li dî nan chapit
3.14
«Akoz sa, mwen plye jenou m devan Papaa,
- 4.13
Jiskaske nou-tout kapab rive
fè lafwa n fè on sèl epi rive konen Pitit Bondye a,”
elatriye.
4.32 Ke ou ka bon youn
pou lòt, byenveyan, lè ou padone youn-lòt, tankou Bondye te padone w
wnan Krist. -
5.2
e mache nan lacharite,
menm jan ak Krist ki te renmen nou an e ki te offri pwôp tèt li bay
Bondye pou nou, kòm on ofrann
epi on sakrifis bòn
odè. -
5.5 Ka,
konnen byen, okenn dereglé oubyen enpur, oubyen
ava, sètadî, silaa ki renmen
zidòl,
pap eritye anyen nan wayòm
Krist la ak pa-Bondye a.
- 5.20
Rann gras touttan pou tout bagay à Bondye Papaa, nan non
Senyè Jezu Krist nou an.” Etc.
(Pèsonèlman, mwen pa konnen èske gen plizyè dòt vèsè klè tou ki
kapab byen montre ke Jezu se li-menm ki Papaa !, men, selon tout
etid mwen fè dejaa ak yon bann lòt
pasaj mwen pap menm bezwen site nan etid saa,
mwen wè li pa dòt ke Pitit Bondye. E se akoz li te toujou ap deklare
sa tou ki fè Jwif yo te toujou vle touye l.
Alò pou kounyaa m’ap
kanpe là; si ou
ta vle kontinye etid saa pou w ka wè kòman Apot sa yo te pale de
Jezu-krist, kòm Pitit Bondye, al lì kòmansman 1 Pyè, 2 Pyè,1 Jean, 2
Jan. 1
Korentyen, 2 Korentyen. 1 Tesalonisyen, 2 Tesalonisyen
1. 1 Timothé, 2 Timothé 1,
Colosyen, Galat 1, vèsè 1 à 5 e 15, 16. Chapit 2, v 20, elatriye.,
ou va wè apot sa yo rekonèt Jezu se pitit Bondye. E pèesonn pa ka
pran pretèks kounyaa dì se Jezu Krist, lòm y’ap pale, paske Jezu te
gentan ale jwenn Papa l, tankou li te dì Mari lè li te fèk resisite
a nan Jean 20.17: «Pa touche m, mwen poko monte al jwenn Papa m ki
se papa w, Bondye m ki se Bondye w.” E nan chapit 20.21,
Jezu dî disip yo: «Menm jan Papa m te voye m, mwen-menm tou, mwen
voye w.” Konsa, nan vèsè
31, Jean dî: Bagay sa yo ekri pou ou ka kwè ke Jezu se Krist la,
Pitit Bondye, e lè ou kwè a, ou ka gen lavi nan non l.”
*Ke Bondye nan non Pitit li, Jezu beni nou e ba nou sajès ak
entelijans pou nou konprann pawòl li, e fè efò pou nou fè
sa ki byen epi mache avèk li: se plis sa ki konte. Ke li se Papaa,
oubyen pitit Papaa.*
-Amèn.)
Frère
Alain Picard Parent: Lotè-konpozitè e Predikatè.
Highlights
- Event Title
Event Description
- Event Title
Event Description
Upcoming Events
- Event Title
Event Title
